31 "A kisa Mwen kapab konpare lèzòm nan jenerasyon sila a, e ak kisa yo sanble? 32 Yo tankou timoun ki chita nan plas mache a, e k ap rele youn lòt; epi yo di: ‘Nou te jwe flit la pou ou, e ou pa t danse; nou te chante yon antèman, e ou pa t kriye.’ 33 Paske Jean-Baptiste te vini7:33 Luc 1:15san manje pen, ni bwè diven; epi nou di ke li te gen yon dyab! 34 Fis a Lòm nan vini nan manje, ak bwè; epi nou di: ‘Gade, yon nonm ki manje twòp, yon moun sou, yon zanmi a kolektè kontribisyon avèk pechè yo! 35 Men sajès la7:35 Luc 7:29jistifye pa tout pitit li yo.
36 Alò, youn nan Farizyen yo t ap mande L pou dine avèk li. Konsa, Li te antre lakay Farizyen an, e te rete sou tab la. 37 7:37 Mat 26:6-13E te gen yon fanm nan vil la ki te yon pechè. Lè l vin konprann ke Li te sou tab lakay Farizyen an, li te pote yon bokal blan plen avèk pafen albat.