43 Konsa, yon fanm, ki te koule san pou plis ke douz lane, men pa t kapab twouve gerizon pa okenn moun, 44 te pwoche dèyè Li. Li te touche arebò vètman Li, e nan menm moman an, san an te rete.
45 Jésus te di: "Kilès ki te touche Mwen an?"
E pandan yo tout t ap demanti ke se pa yo, Pierre te di: 8:45 Luc 5:5"Mèt, foul la ap bourade ou e peze Ou."
46 Men Jésus te di: "Yon moun vrèman te touche M, paske Mwen te konnen lè8:46 Luc 5:17pouvwa a te kite M nan."
47 Lè fanm nan te wè ke li t ap dekouvri, li te vini byen tranble, e te tonbe devan Li. Li te deklare nan prezans a tout moun poukisa li te touche L la ak jan li te vin geri nan menm enstan.
48 Jésus te di li: "Fi Mwen, lafwa ou te fè ou geri; 8:48 Mc 5:34ale anpè."