49 Pandan Li te toujou ap pale, yon moun te soti lakay8:49 Luc 8:41ofisye sinagòg la, e te di: "Pitit ou a gen tan mouri. Pa twouble Mèt la ankò."
50 Men lè Jésus te tande sa, Li te reponn li: 8:50 Mc 5:36"Pa pè; sèlman kwè, e li va geri."
51 Lè Li te rive nan kay la, Li pa t kite okenn lòt moun antre avè L, sof ke Pierre avèk Jean ak Jacques, epi manman ak papa pitit la.
52 Alò yo tout t ap kriye, e t ap 8:52 Luc 23:27lamante pou li; men Li te di: "Sispann kriye, paske li pa mouri, men 8:52 Jn 11:13l ap dòmi."
53 Yo te kòmanse ap ri sou Li, paske yo te konnen ke li te mouri.
54 Men Li menm te pran li pa lamen, Li te rele e te di: "Pitit, leve!"
55 Konsa, lespri lavi li te retounen, e li te leve imedyatman. Li te bay lòd pou yo bay li yon bagay pou l manje.
56 Paran li yo te etone, men Li te 8:56 Mat 8:4enstwi yo pou pa pale pèsonn sa ki te rive a.