38 Konsa yon mesye nan foul la te rele fò: "Mèt, mwen sipliye ou pou gade wè fis mwen an, paske se li sèl gason ke m genyen. 39 Yon lespri konn sezi li. Li rele fò, lespri a jete li nan gwo kriz ki fè bouch li kimen, e pandan lespri a ap kite li, li kontinye maspinen l nèt jiskaske li ale. 40 Mwen te sipliye disip ou yo pou chase l, men yo pa t kapab."
41 Jésus te reponn: "O jenerasyon enkredil, e pèvès! Pou jis kilè M ap avèk nou, pou sipòte nou? Mennen pitit ou a isit la."
42 Pandan Li t ap pwoche, dyab la te voye l atè, e te jete l nan yon gwo kriz. Men Jésus te repwòche lespri enpi a; Li te geri gason an, e te remèt li bay papa l.
43 Yo tout te etone akoz grandè Bondye.
9:43 Mat 17:22 Men pandan tout t ap admire tout sa ke Li t ap fè, Li te di a disip Li yo: