Pular para o conteúdo
Publicidade

Levítico 18

6 "Pinga okenn nan nou pwoche okenn fanmi de san nou pou dekouvri nidite li: Mwen se SENYÈ a.

7 18:7 Lev 20:11 "Nou pa pou dekouvri nidite papa nou, ni nidite a manman nou. Li se manman nou; nou pa pou dekouvri nidite li.

8 18:8 Lev 20:11 "Nou pa pou dekouvri nidite madanm papa nou. Li se nidite a papa nou.

9 18:9 Lev 18:11 "Nidite a nou, oswa fi papa nou, oswa fi manman nou, kit li fèt nan kay la, kit li fèt deyò; nidite pa yo, nou pa pou dekouvri yo.

10 "Nidite fi a fis nou, oswa fi a fi nou; nidite yo, nou pa pou dekouvri yo; paske nidite pa yo se pa nou.

11 "Nidite a pitit fi madanm a papa nou, fèt pou papa nou, li se nou, nou pa pou dekouvri nidite li.

12 18:12 Lev 20:19 "Nou pa pou dekouvri nidite papa nou. Li se pwòp relasyon san papa nou.

13 "Nou pa pou dekouvri nidite manman nou, paske li se pwòp san manman nou.

14 "Nou pa pou dekouvri nidite frè papa nou. Nou pa pou pwoche madanm li. Li se matant nou.

15 18:15 Lev 20:12 "Nou pa pou dekouvri nidite bèlfi nou. Li se madanm a fis nou. Nou pa pou dekouvri nidite li.

16 18:16 Lev 20:21 "Nou pa pou dekouvri nidite madanm frè nou. Li se nidite a frè nou.

17 18:17 Lev 20:14 "Nou pa pou dekouvri nidite a yon fanm avèk fi li. Ni nou pa pou pran fi a fis li, ni fi a fi li, pou dekouvri nidite li. Yo se relasyon san. Sa vrèman lèd.

18 "Nou pa pou marye yon fanm ansanm avèk li pou jalouzi pandan li toujou vivan an, pou dekouvri nidite li.

19 18:19 Lev 15:24 "Osi nou pa pou pwoche yon fanm pou dekouvri nidite li pandan règ li l pa pwòp.

20 18:20 Lev 20:10 "Nou pa pou zak seksyèl avèk madanm vwazen nou pou nou ta vin konwonpi ansanm avèk li.

21 "Nou pa pou bay okenn nan pitit nou yo 18:21 Lev 20:2-5 pou ofri bay Moloc. Nou pa pou degrade non Bondye. Mwen se SENYÈ a.

22 18:22 Lev 20:13 "Nou pa pou kouche avèk yon gason jan yon moun ta kouche avèk yon fanm. Li se yon abominasyon.

23 "Osi, nou pa pou zak seksyèl avèk okenn bèt pou nou ta vin degrade avèk li. Ni okenn fanm pa pou kanpe devan yon bèt pou kwaze avèk li. Sa se yon pèvèsyon.

Veja também