38 Yo 5:38 Mc 5:22te vini lakay ofisye sinagòg la, epi Li te wè yon gwo tènten, ak moun ki t ap kriye fò e rele "anmwey". 39 Li antre, e Li te di yo: "Poukisa nou ap fè tout bri sa a, e kriye konsa? Pitit sa a pa mouri, men l ap dòmi".
40 Konsa yo te kòmanse ri sou Li. Men lè Li te fin mete yo tout deyò, Li te pran manman ak papa a pitit la avèk moun pa L yo, e te antre kote pitit la te ye a. 41 Li te pran pitit la pa men li, e te di li: "Talita koum" ki vle di 5:41 Luc 7:14"Tifi, Mwen di ou leve!"
42 Lapoula, tifi a te leve e te kòmanse mache. Li te gen douz ane. Tout moun te sezi.