37 Men Li te di yo: "Nou menm bay yo manje!" 6:37 Jn 6:7
Yo te reponn Li: "Ou vle nou ale depanse de-san denye nan pen pou nou bay yo manje?"
38 Li te di yo: "Konbyen pen nou genyen? Al gade!" Lè yo konnen, yo di: "Senk pen ak de pwason".
39 Konsa, Li te kòmande yo pou chita pa gwoup nan zèb vèt la. 40 Yo te chita pa gwoup de santèn, e pa gwoup de senkantèn. 41 Li te pran senk pen yo avèk de pwason yo. Li te gade vè syèl la, e Li te 6:41 Mat 14:9beni manje a. Li te kase pen yo, e Li te kontinye bay disip yo pou mete devan yo. Li te divize bay nan de pwason yo pami yo tout.
42 Yo tout te manje, e yo te satisfè. 43 Yo te ranmase douz 6:43 Mat 14:21panyen byen plen avèk moso kase yo; e anplis, pwason.