Pular para o conteúdo
Publicidade

Marcos 7

24 7:24 Mat 15:21-28 Jésus te leve e te pati pou rejyon Tyr la. Li te antre nan yon kay, Li pa t vle pèsòn konnen sa, men Li pa t kab evite atire atansyon.

25 Men yon fanm ak yon tifi ki te gen yon move lespri te tande de Jésus, li te vin kote L nan menm moman an, e te tonbe nan pye Li. 26 Alò, fanm sila a te yon moun etranje nan ras Siwofonisyèn. E li te kontinye mande L pou chase move lespri a sou pitit li a.

27 Jésus te di li: "Kite zanfan yo satisfè avan, paske li pa bon pou pran pen timoun yo pou jete l bay chen."

28 Men fanm nan te reponn Li: "Wi Mèt, men menm ti chen anba tab yo manje ti moso ke timoun yo lese tonbe yo."

29 Konsa Li te di li: "Akoz repons sa a, al wout ou; move lespri a gen tan kite fi ou a."

30 E fanm nan te retounen lakay li, li te twouve tifi a byen kouche sou kabann nan, e move lespri a te gen tan kite li.

Veja também