Pular para o conteúdo
Publicidade

Marcos 7

31 7:31 Mat 15:29-31 Ankò Li te kite rejyon Tyr la, e te pase pa Sidon jiska lanmè Galilée a, nan rejyon Decapolis.

32 Yo te mennen bay Li yon moun ki te soud, ki te pale avèk anpil difikilte, e yo te sipliye L pou 7:32 Mc 5:23mete men Li sou li.

33 7:33 Mc 8:23 Jésus te mennen l apa gran foul la, e te mete dwat Li anndan zòrèy moun nan. Li te krache, e te touche lang li avèk krache a. 34 Pandan Li gade syèl la, Li te 7:34 Mc 8:12soupire byen , e te di li: "Ifafata!" Sa vle di "Ouvri!" 35 Konsa zòrèy li te louvri. Lang lou a te disparèt, e li te vin pale kon nòmal.

36 Li te bay yo lòd pou yo pa pale avèk pèsòn; men plis Li te bay lòd, plis yo te 7:36 Mc 1:45kontinye gaye nouvèl la toupatou. 37 Yo te vin etone nèt. Yo t ap di: "Li tout bagay byen. Li menm soud yo tande, e bèbè yo pale".

Veja também