9 Li t ap di yo anplis: " Ak konesans nou mete kòmandman Bondye a akote, pou kenbe tradisyon pa nou yo. 10 Paske Moïse te di: 7:10 Egz 20:12‘Onore papa ou avèk manman ou’; epi 7:10 Egz 21:17‘sila ki pale mal a papa li oswa manman li, fòk li mete a lanmò.’
11 "Men nou di: ‘Si yon nonm di a papa l, ni a manman l, nenpòt sa ke m genyen se 7:11 Lev 1:2Kòba’" (sa vle di, "bay a Bondye"), 12 "Nou pa pèmèt moun nan fè anyen ankò ni pou papa l, ni pou manman l. 13 Konsa nou fè pawòl Bondye a vin nil ak 7:13 Mc 7:3-9tradisyon ke nou transmèt a youn lòt. Nou fè anpil bagay konsa."