46 12:46 Mc 3:31-35 Pandan Li te toujou ap pale avèk foul la, konsa, manman L avèk frè Li yo te vin parèt pa deyò akoz yo te vle pale avèk Li. 47 Yon moun te di li: "Gade, manman Ou avèk frè Ou yo kanpe deyò a pou pale avèk ou!"
48 Men Li te reponn sila ki te pale avèk Li pou di l: "Kilès ki manman M? E kilès ki frè M?" 49 Konsa, byen lonje men L vè disip Li yo, Li te di: "Gade manman M ak frè Mwen yo. 50 Paske sila ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la, se li menm ki frè M, sè M, ak manman M."