Publicidade

Mateus 13

24 Jésus te bay yo yon lòt parabòl. Li te di: "Wayòm syèl la se kon yon nonm ki simen bon semans nan chan li. 25 Men pandan ouvriye li yo t ap dòmi, lènmi li yo te vin simen zèb pikan pami ble a, e ale. 26 Men ble a te vin leve e fòme tèt grenn, zèb pikan yo te parèt tou. 27 Epi esklav a mèt yo te vin di l: Mèt, èske nou pa t simen bon semans nan chan ou an? Kijan konsa li vin plen avèk zèb pikan sa yo.

28 "Epi Li te di yo: Yon lènmi te sa!E esklav yo te di li: Ou pa vle nou ale ranmase yo?

29 "Men li te di yo: Non, paske pandan nou ap ranmase zèb pikan yo, nou kab derasinen ble a tou. 30 Kite toulède grandi ansanm jouk rekòlt la rive. Nan tan rekòlt la, mwen va di ouvriye yo, premyèman, ranmase zèb pikan yo, mare yo nan pake e brile yo. Men ranmase ble a pou mete li nan depo mwen."

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-28_14-13-17-