Pular para o conteúdo
Publicidade

II Samuel 8

1 8:1 I Kwo 18 Konsa, li te vin rive ke David te bat Filisten yo e te mete yo anba lòd. David te pran kontwòl a vil prensipal la soti nan men a Filisten yo. 2 8:2 Nonb 24:17Li te bat 8:2 I Sam 22:3-4Moab, li te mezire kaptif yo avèk yon lign. Konsa li te yo kouche atè, li te mezire longè de lign pou mete yo a lanmò, ak yon lign antye pou lèse yo viv. Epi Moabit yo te devni sèvitè a David e yo te pote peye taks obligatwa.

3 Alò, David te bat Hadadézer, fis a Rehob la, wa a Tsoba, pandan 8:3 II Sam 10:15-19li te nan wout pou reprann kontwòl li nan Rivyè Euphrate la. 4 David te kaptire soti nan men li, mil-sèt-san chevalye avèk ven-mil sòlda a pye. 8:4 Jos 11:6-9Li te koupe jarèt a cheval cha yo, men li te konsève kont nan yo pou rale yon santèn cha. 5 8:5 I Wa 11:22-35Siryen a Damas yo te vini pou bay sekou a Hadadézer, wa a Tsoba a, David te touye venn-de-mil Siryen. 6 Epi David te mete anplasman sòlda pami Siryen Damas yo. 8:6 II Sam 8:2Siryen yo te vin soumèt a David e te pote taks obligatwa. Epi SENYÈ a te ede David tout kote li te ale. 7 David te pran boukliye fèt an ki te pote pa sèvitè a Hadadézer yo e li te mennen yo Jérusalem. 8 Soti nan Béthach avèk Bérothaï, vil a Hadadézer yo, Wa David te pran yon gran kantite bwonz.

9 Alò Thoï, wa a 8:9 I Wa 8:65Hamath la te tande ke David te bat tout lame a Hadadézer a. 10 Konsa, Thoï te voye Joram, fis li a kote Wa David pou salye li e li felisitasyon akoz li te goumen kont Hadadézer e te bat li. Paske Hadadézer t ap lagè avèk Thoï. Epi Joram te mennen avèk li bagay fèt an ajan, an , e an bwonz. 11 Wa David te 8:11 I Wa 7:51dedye sa yo osi a SENYÈ a, avèk ajan ak ke li te dedye soti nan tout nasyon ke Li te soumèt anba li menm yo: 12 Soti nan Syrie avèk 8:12 II Sam 8:2Moab, fis a Ammon yo, Filisten yo avèk Amalekit yo, ak piyaj ki te soti osi nan Hadadézer, fis a Thoï a, wa a Tsoba a.

13 Konsa, 8:13 II Sam 7:9David te vin yon non byen koni pou kont li, li te retounen soti nan touye dizui-mil Siryen nan 8:13 II Wa 14:7Vale Sèl la. 14 Li te etabli anplasman militè yo nan Édom. Nan tout Édom, li te anplasman militè e tout 8:14 Jen 27:37-40Edomit yo te devni sèvitè a David. Konsa, SENYÈ a te ede David tout kote li te ale.

15 David te renye sou tout Israël. Li te administre lajistis avèk ladwati pou tout pèp li a. 16 8:16 I Kwo 11:6Joab, fis Tseruja a te sou lame a e Josaphat, fis a Achilud la te 8:16 II Wa 18:18-37grefye a. 17 8:17 I Kwo 6:4-8Tsadok, fis a Achithub la avèk Achilémec, fis a Abithar a te prèt e Tseriah te sekretè. 18 Benaja, fis a Jehojada a te chèf sou 8:18 II Sam 15:18Keretyen avèk Peletyen yo; epi fis a David yo te chèf ministè leta yo.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também