Pular para o conteúdo
Publicidade

II Samuel 24

1 Alò, kòlè SENYÈ a te brile ankò kont Israël e li te pwovoke David kont yo pou di: 24:1 I Kwo 27:23-24"Ale konte moun Israël avèk Juda yo." 2 Wa a te di a Joab, chèf lame ki te avèk li a: "Ale, koulye a, atravè tout tribi Israël yo, 24:2 Jij 20:1soti nan Dan jis rive Beer-Schéba e anrejistre pèp la pou m kab konnen nonb de moun yo."

3 Men Joab te di a wa a: "Alò, ke SENYÈ a ta kapab ajoute san fwa anplis kantite moun ke yo ye a, pandan zye a mèt mwen an, wa a, kab toujou . Men poukisa mèt mwen an, wa a, twouve plezi nan bagay sila a?"

4 Men pawòl a wa a te pran plas kont Joab, e kont chèf lame yo. Pou sa, Joab avèk chèf lame yo te sòti nan prezans wa a pou anrejistre pèp Israël la. 5 Yo te travèse Jourdain an pou te kan 24:5 Det 2:36Aroër, sou dwat vil la ki nan mitan vale Gad la, ak Jaezer. 6 Epi yo te vini Galaad, nan peyi Thachthim-Hodschi, yo te rive Danjaan ak kote 24:6 Jos 19:28Sidon an. 7 Epi yo te rive nan 24:7 Jos 19:29fòterès Tyr la, nan tout vil a Evyen yo ak Kananeyen yo; epi yo te sòti nan sid Juda, nan Beer-Schéba. 8 Konsa, yo te fin pase nan tout peyi a, yo te vini Jérusalem nan fen nèf mwa e ven jou. 9 Epi Joab te bay nimewo anrejistreman pèp la bay wa a. Te gen an Israël, 24:9 I Kwo 21:5ui-san-mil mesye vanyan ki te kapab rale nepe e mesye nan Juda yo te senk-san-mil.

10 Koulye a, 24:10 I Sam 24:5David te vin twouble li te fin konte pèp la. Konsa, David te di a SENYÈ a: "Mwen te gwo peche nan sa mwen te a. Men koulye a, O SENYÈ, souple retire inikite a sèvitè Ou a, paske mwen te aji nan foli."

11 David te leve nan maten, pawòl SENYÈ a te vini a 24:11 I Sam 22:5pwofèt Gad la, vwayan David la, e li te di: 12 "Ale pale avèk David: Konsa SENYÈ a di: "Mwen ap ofri ou twa bagay; chwazi pou ou menm youn nan yo, pou m ou.""

13 Konsa, Gad te rive kote David e li te di li: "Èske 24:13 I Kwo 21:12sèt ane gwo grangou va rive ou nan peyi ou? Oswa èske ou va sove ale pandan twa mwa devan lènmi ou yo pandan y ap kouri dèyè ou? Oswa èske va gen twa jou gwo epidemi nan peyi ou? Alò konsidere e ki repons mwen va pote bay Sila ki te voye mwen an."

14 Epi David te di a Gad: "Mwen nan gwo pwoblèm. Annou tonbe nan men a SENYÈ a, 24:14 Sòm 51:1paske mizerikòd Li gran; men pa kite mwen tonbe nan men a lòm."

15 Konsa, 24:15 I Kwo 21:14SENYÈ a te voye yon epidemi sou Israël jis rive nan maten nan chwazi a e swasann-di-mil moun nan pèp la soti Dan jis rive Beer-Schéba te mouri. 16 24:16 Trav 12:23zanj lan te lonje men li Jérusalem pou detwi li, 24:16 Egz 32:14SENYÈ a te repanti de gwo malè a. Li te di a zanj ki te detwi pèp la: "Sa ase! Koulye a, lache men ou!" Epi zanj SENYÈ a te akote glasi a Aravna a, Jebizyen an.

17 Konsa, David te pale a SENYÈ a li te zanj ki t ap frape pèp la. Li te di: "Gade byen, 24:17 II Sam 24:10se mwen ki te peche a, se mwen ki te mal la. Men mouton sila yo, kisa yo te ? Souple, kite men Ou vin kont mwen, ak kont lakay papa m."

18 Konsa, Gad te rive kote David nan jou sa menm, e li te di li: "Ale monte, bati yon lotèl a SENYÈ a sou glasi Aravna a, Jebizyen an."

19 David te monte pa pawòl a Gad la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande a. 20 Aravna te gade anba e te wa a avèk sèvitè li yo ki t ap travèse kote li. Epi Aravna te parèt deyò e li te bese figi li jiska atè devan wa a. 21 Alò, Aravna te di: "Poukisa mèt mwen, wa a, te vin kote sèvitè li a?"

David te reponn: "Pou achte glasi a nan men ou, pou m kab bati yon lotèl bay SENYÈ a, 24:21 Nonb 16:44-50pou epidemi an kab vin sispann sou pèp la."

22 Aravna te di a David: "Kite mèt mwen an, wa a, pran sa li ki bon nan zye li, e ofri li. Gade, 24:22 I Sam 6:14men bèf pou ofrann brile a, bwa kabwèt yo avèk jouk bèf yo pou bwa dife a. 23 Tout bagay, O wa, Aravna ap bay wa a." Epi Aravna te di a wa a: "Ke SENYÈ a, Bondye ou a, kapab kontan avèk ou."

24 Sepandan, wa a te di a Aravna: "Non, men mwen va, anverite, achte li pou yon pri. Paske mwen p ap ofri ofrann brile bay SENYÈ a, Bondye mwen an ki pa koute m anyen." Konsa, 24:24 I Kwo 21:24-25David te achte glasi a avèk bèf yo pou senkant sik ajan. 25 David te bati la yon lotèl bay SENYÈ a e li te ofri ofrann brile yo avèk ofrann lapè yo. 24:25 II Sam 21:14Konsa, SENYÈ a te kontan akoz lapriyè pou peyi a, e epidemi an te vin sispann an Israël.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também