22 14:22 Mc 6:45-51 Imedyatman, Li te fè disip yo antre nan kannòt la pou ale lòtbò a, pandan Li menm te voye foul la ale. 23 Apre li te voye foul la ale, 14:23 Mc 6:46Li te monte mòn nan Li sèl Li, pou L ta kapab priye. Lè lannwit vin rive, Li te la pou kont Li. 24 Men kannòt la te deja byen lwen tè a, byen bat pa vag lanmè yo, paske van an te byen 14:24 Trav 27:4move. 25 Nan katriyèm vèy nwit lan, Li te vin kote yo ap mache sou lanmè a. 26 Lè disip Li yo te wè L ap mache sou lanmè a, yo te krent, e yo te di: "Sa se yon 14:26 Luc 24:37fantom" epi yo te kriye fò avèk laperèz. 27 Men imedyatman, Jésus te pale avèk yo e te di: 14:27 Mat 9:2"Pran kouraj! Se Mwen menm! Pa pè."
28 Konsa, Pierre te reponn Li: "Senyè, si se Ou menm, kòmande m vin kote Ou sou dlo a."
29 Li te reponn: "Vini!" Pierre te sòti nan kannòt la, e te mache sou dlo a vè Jésus. 30 Men lè l te wè van an, li te vin pè, e te kòmanse desann nan dlo a. Li te rele: "Senyè, sove m!"
31 Lapoula, Jésus te lonje men li e te kenbe l. Li te di l konsa: "Ou menm avèk mank lafwa, poukisa ou te doute?" 32 Lè yo te fin antre nan kannòt la, van an te vin sispann. 33 Sila ki te nan kannòt yo te adore Li. Yo te di: "Anverite, Ou se 14:33 Mat 4:3Fis Bondye a!"