5 Lè disip yo te ale lòtbò lanmè a, yo te bliye pote pen.
6 Jésus te di yo: "Veye e fè atansyon pou ledven Farizyen ak Sadiseyen yo."
7 Yo te kòmanse diskite pami yo menm. Yo te di: "Se paske nou pa pote pen an."
8 Men Jésus, okouran de sa, te di yo: 16:8 Mat 6:30"O moun ak ti lafwa piti yo, poukisa nou diskite pami nou ke nou pa gen pen? 9 Èske nou poko konprann ni sonje jiska prezan 16:9 Mat 14:17-21senk pen ki te pou senk mil mesye yo, e konbyen panyen nou te ranmase? 10 Ni 16:10 Mat 15:34-38sèt pen ki te pou kat mil moun yo, e konbyen gran panyen nou te ranmase? 11 Kijan ke nou pa konprann ke Mwen pa t pale avèk nou pou afè pen? Men fè atansyon ak ledven Farizyen ak Sadiseyen yo."
12 Konsa, yo te vin konprann ke Li pa t pale de ledven nan pen, men enstriksyon a 16:12 Mat 3:7Farizyen ak Sadiseyen yo.