Publicidade

Mateus 18

15 18:15 Lev 19:17 "Si frè ou peche, rele l apa pou pale avèk li. Si li koute ou, ou gen tan rekonsilye ak frè ou a. 16 Men si li pa koute ou, ale kote l avèk youn oubyen de lòt dekwa ke 18:16 Det 19:15pa bouch a de oubyen twa temwen tout bagay ki fèt kapab konfime. 17 Epi si li refize koute yo, pale avèk legliz la, e si li refize koute menm legliz la, 18:17 II Tim 3:6-14kite li devni a ou menm tankou yon payen oswa youn nan kolektè kontribisyon yo.

18 "Anverite Mwen di nou: 18:18 Mat 16:19"Nenpòt sa nou mare sou latè, l ap mare nan syèl la; e nenpòt sa nou lage sou latè, l ap lage nan syèl la.

19 "Ankò Mwen di nou ke si de nan nou dakò sou latè sou nenpòt bagay ke yo mande, 18:19 Mat 7:7li va fèt pou yo pa Papa M ki nan syèl la. 20 Paske kote de oubyen twa reyini ansanm nan non Mwen, 18:20 Mat 28:20Mwen la nan mitan yo."

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-