Publicidade

Mateus 19

1 Jésus te fin pale pawòl sa yo, li te kite Galilée pou 19:1 Mc 10:1-12ale nan rejyon Judée, lòtbò Jourdain an. 2 Gran foul yo te swiv Li, e 19:2 Mat 4:23Li te geri yo la.

3 Kèk Farizyen te vin kote Li pou pase L eprèv. Yo mande L: 19:3 Mat 5:31"Èske li pèmèt pou yon nonm divòse ak madanm li pou okenn rezon?"

4 Li te reponn yo: "Èske nou pa konn li 19:4 Jen 1:27ke Sila ki te kreye yo depi nan kòmansman an, te yo mal ak femèl, 5 ke: 19:5 Jen 2:24pou koz sa a, yon nonm ap kite papa li ak manman li pou vin atache a madanm li, epi yo de a ap vini yon sèl chè? 6 Konsa, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Sa ke Bondye mete ansanm, pa kite okenn moun separe l."

7 Yo te mande L: "Ebyen, 19:7 Det 24:1-4poukisa Moïse te kòmande yo pou Bay li yon sètifika divòs e voye li ale?"

8 Li te reponn yo: "Akoz di nou, Moïse te pèmèt nou divòse ak madanm nou yo, men depi nan kòmansman an, se pa konsa li te ye. 9 Mwen di nou: 19:9 Mat 5:32 Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, sof ke pou imoralite, epi marye avèk yon lòt fanm, li adiltè."

10 Disip Li yo te di L: "Si se konsa relasyon a yon mesye ye avèk madanm li, li pi bon pou pa marye."

11 Men Li te di yo: 19:11 I Kor 7:7"Se pa tout moun ki kapab aksepte sa nou di a, men sèl sa yo ke li te bay. 12 Paske gen enik ki te fèt konsa depi nan vant manman yo, e gen enik ki te fèt konsa pa lòm; e gen enik ki te fèt konsa pou tèt yo, pou koz a wayòm syèl la. Sila ki kapab aksepte sa, kite l aksepte li."

13 Apre sa, 19:13 Mc 10:13-16yo te mennen kèk timoun kote L pou Li ta kapab mete men Li sou yo e priye pou yo; men disip yo te reprimande yo.

14 Konsa, Jésus te di: 19:14 Mat 18:3"Bay timoun yo pèmi, e pa anpeche yo vin kote Mwen, paske wayòm syèl la se pou sila ki tankou yo". 15 Apre Li mete men Li sou yo, Li kite la.

16 19:16 Luc 10:25-28 Konsa, youn moun te vini la, e te di: "Mèt, ki bon bagay Mwen kapab pou m jwenn lavi etènèl?"

17 Li te di l: "Poukisa ou ap kesyone M sou sa ki bon? Gen yon sèl ki bon, Bondye. Men 19:17 Lev 18:5si ou vle antre nan lavi, kenbe kòmandman yo."

18 Li te mande Li: "Kilès nan yo?"

Jésus te reponn li: 19:18 Egz 20:13-16"Ou pa pou touye moun, ou pa pou adiltè, ou pa pou vòlè, ou pa pou pote fo temwayaj. 19 19:19 Egz 20:12Onore papa ou avèk manman ou, epi 19:19 Lev 19:18renmen pwochen ou tankou tèt ou."

20 Jennonm nan te di L: "Tout bagay sa yo, mwen yo. Kisa mwen manke?"

21 Jésus te di l: "Si ou vle pafè, 19:21 Luc 12:33 ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e w ap gen richès nan syèl la; epi vin swiv Mwen."

22 Men jennonm nan te tande pawòl sa a, li te sòti dezole, paske li te gen anpil byen.

23 Jésus te di a disip Li yo: "Anverite Mwen di nou: 19:23 Mat 13:22 Li difisil pou yon nonm rich antre nan wayòm syèl la. 24 Ankò, Mwen di nou: 19:24 Mc 10:25Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon zegwi, pase pou yon nonm rich antre nan wayòm Bondye a."

25 disip Li yo te tande sa, yo te etone e te di: "Kilès konsa ki kab sove?"

26 Jésus te byen gade yo, e te di: 19:26 Jen 18:14"Avèk moun, li pa posib, men avèk Bondye, tout bagay posib."

27 Konsa Pierre te reponn Li. Li te di: "Gade, nou fin kite tout bagay pou te swiv Ou. Kisa k ap gen pou nou?"

28 Jésus te di yo: "Anverite, Mwen di nou ke nou ki te swiv Mwen yo, nan tan renouvèlman tout bagay la, Fis a Lòm nan vin chita sou twòn Li nan tout glwa Li, nou menm 19:28 Luc 22:30tou, n ap chita sou douz twòn pou jije douz tribi Israël yo.

29 19:29 Mat 6:33 "Tout moun ki kite kay yo oubyen frè yo oubyen yo, papa, Manman, zanfan, oubyen pou koz a Non Mwen, ap resevwa anpil fwa sa a, e va eritye lavi etènèl. 30 19:30 Mat 20:16Men anpil moun ki premye ap dènye, e dènye yo, ap vin premye."

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-