1 "Paske wayòm syèl la tankou yon mèt tè ki ale deyò granmaten pou anplwaye ouvriye pou 20:1 Mat 21:28,33 chan rezen li. 2 Lè li te fin antann li avèk ouvriye yo pou yon denye (frè kòb jounalye) pou jou a, li voye yo nan chan an.
3 "Vè twazyèm lè, li te soti pou wè lòt moun san anyen pou fè, ki te kanpe nan mache a. 4 Li te di yo: ‘Nou menm tou, ale nan chan rezen an, epi nenpòt bagay ki jis, m ap bannou.’ Konsa, yo ale.
5 "Ankò li ale deyò vè sizyèm lè, nevyèm lè, e te fè menm bagay la. 6 "Vè onzyèm lè, li te ale deyò e te twouve lòt moun ki tap kanpe. Li te di yo: ‘Poukisa nou kanpe la tout lajounen san fè anyen?’
7 "Yo te reponn li: ‘Paske pèsòn pa anplwaye nou.’
"Li te di yo: ‘Nou menm tou, ale nan chan rezen an.’
8 "Lè 20:8 Lev 19:13aswè rive, mèt chan rezen an te di fòmann nan: ‘Rele ouvriye yo pou peye yo salè yo. Kòmanse avèk dènye ekip la, pou ale nan premye a.’
9 "Lè ouvriye ki te antre vè onzyèm lè yo te vini, yo chak te resevwa yon denye. 10 Konsa, lè sa ki te anplwaye anpremye yo te vini, yo te sipoze yo t ap resevwa plis, men yo chak te resevwa yon denye. 11 Alò, lè yo te resevwa l, yo te plenyen kont mèt tè a. 12 Yo te di: ‘Moun sa yo te travay sèlman pou yon èdtan, men ou fè yo menm jan avèk nou ki pote tout fado a, avèk 20:12 Jon 4:8 chalè ki t ap brile nou tout jounen an.’
13 "Men li te reponn a youn nan yo: 20:13 Mat 22:12‘Zanmi m, mwen pa fè ou okenn tò. Èske ou pa t vin dakò pou yon denye? 14 Pran sa ki pou ou a, epi al fè wout ou. Se volonte m pou bay moun sa menm fòs avèk ou. 15 Èske m pa gen dwa fè sa mwen vle avèk sa ki pou mwen? Oubyen èske 20:15 Det 15:9zye ou plen ak lanvi paske mwen gen jenewozite?’
16 "Konsa 20:16 Mat 19:30dènye a ap vin premye, e premye a ap vin dènye."