29 20:29 Mat 9:27-31 Pandan yo t ap kite Jéricho, yon gran foul te swiv Li.
30 Epi konsa de moun avèg ki te chita akote wout la, lè yo te tande ke Jésus t ap pase la, te kòmanse kriye: "Senyè, 20:30 Mat 9:27gen pitye pou nou, Fis a David la!"
31 Men moun yo te pale ak yo sevèman pou yo sispann pale, men yo rele pi fò: "Senyè, gen pitye pou nou, 20:31 Mat 9:27Fis a David la".
32 Epi Jésus te rete la. Li te rele yo, e te di: "Kisa nou ta renmen Mwen fè pou nou?"
33 Yo te reponn Li: "Senyè, nou vle zye nou louvri".
34 Jésus, ranpli avèk konpasyon, te touche zye yo. Imedyatman yo te vin wè, e yo te swiv Li.