Publicidade

Mateus 25

31 "Men Fis a Lòm nan vini nan tout glwa Li avèk tout zanj Li yo, Li va chita sou twòn glwa pa Li a. 32 Tout nasyon yo va rasanble devan Li. E Li va separe yo youn de lòt, kon yon gadyen patiraj separe mouton avèk kabrit. 33 Konsa, l ap mete mouton yo adwat li, e kabrit yo agoch Li.

34 "Epi Wa la va di a sila ki adwat li yo: Vini, nou menm ki beni pa Papa m; eritye wayòm nan ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan. 35 Paske Mwen te grangou, e nou te ban M bagay pou M manje. Mwen te swaf, e nou te ban M bwè. Mwen te yon etranje, e nou te envite M antre, 36 Mwen te touni, e nou te ban M rad. Mwen te malad e nou te vizite M. Mwen te nan prizon e nou te vin kote M.

37 "Epi jis yo ap di Li: Senyè, kilè nou te Ou grangou e te bay Ou manje, ni swaf pou te bay Ou bwè? 38 Epi kilè nou te Ou yon etranje, epi envite Ou antre, oubyen touni pou te bay Ou rad? 39 Epi kilè nou te Ou malad, e te vizite Ou; oubyen nan prizon pou te vizite Ou?

40 "Konsa, wa a va reponn yo: Anverite, Mwen di nou menm jan ke nou te li a youn nan frè Mwen yo, nou te l a Mwen menm tou.

41 "Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a. 42 Paske Mwen te grangou, men nou te refize ban M manje. Mwen te swaf, e nou pa t ban M bwè. 43 Mwen te yon etranje, e nou pa t envite M antre, touni, e nou pa t ban M rad, nan prizon e nou pa t vizite M.

44 "Alò yo menm va reponn: Senyè, kilè nou te Ou grangou, oswa swaf, oswa yon etranje, touni, malad oubyen nan prizon, e nou pa t okipe Ou?

45 "Konsa L ap reponn yo: Anverite Mwen di nou, menm jan ke nou pa t li pou youn nan pi piti nan sa yo, nou pa t l pou Mwen tou. 46 Epi sila yo va ale nan pinisyon etènèl, men jis yo nan lavi etènèl."

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-29_22-07-56-