Pular para o conteúdo
Publicidade

Mateus 4

1 4:1 Mc 1:12,13 Apre sa, Lespri Sen an te mennen Jésus nan savann nan pou L ta kapab tante pa Satan. 2 Li te fin jèn 4:2 Egz 34:28karant jou avèk karant nwit lan, Li te grangou. 3 4:3 I Tes 3:5Konsa, Tantatè a te parèt, e te di Li: "Si Ou se 4:3 Mat 14:33Fis Bondye a, kòmande wòch sa yo vin pen."

4 Men Li te reponn li e te di l: "Sa ekri 4:4 Det 8:3Lòm pa pou viv sèlman pa pen, men pa chak mo ki sòti nan bouch Bondye".

5 Apre sa, Satan te mennen Li antre nan 4:5 Né 11:18vil sen, Jérusalem nan. Li te L kanpe sou pi wo pwent tanp lan. 6 Konsa, li te di Li: "Si Ou menm se Fis Bondye a, jete Ou anba, paske sa ekri:

4:6 Sòm 91:11-12 L ap bay zanj Li yo lòd de Ou menm, e

ak men yo, y ap bay Ou soutyen

pou ke Ou pa ta menm frape

pye Ou kont yon wòch".

7 Jésus te di l: "Anplis sa ekri: Ou pa pou tante Senyè a, Bondye Ou a".

8 4:8 Mat 16:26 Ankò dyab la te mennen Li nan yon mòn wo e te montre Li tout wayòm nan mond lan, avèk tout glwa yo. 9 Li te di Li: 4:9 I Kor 10:20"Tout bagay sa yo, mwen va bay Ou yo si Ou pwostène pou adore mwen."

10 Konsa, Jésus te di li: "Soti la Satan! Paske sa ekri: 4:10 Det 6:13Ou va adore Senyè a, Bondye ou a, e sèvi Li menm sèl".

11 Konsa, dyab la te kite Li, e lapoula, 4:11 Mat 28:5zanj yo te vini sèvi Li.

Veja também