23 8:23 Mc 4:36-41 Lè L fin antre nan kannòt la, disip Li yo te swiv Li. 24 Epi konsa, te vin leve yon gwo tanpèt sou lanmè a, ki te fè vag lanmè yo kouvri kannòt la; men Jésus, Li menm, t ap dòmi. 25 Disip Li yo te vin fè L leve. Yo te di L: "Senyè, sove nou! N ap peri!"
26 Li te reponn yo: "Poukisa nou pè konsa, 8:26 Mat 6:30moun ak ti lafwa piti?" Konsa Li te leve. Li te reprimande van an avèk lanmè a, e tan an te vin kalm nèt.
27 Moun yo te etone. Yo te di: "Ki kalite moun sa a ye, ke menm van avèk lanmè obeyi Li?"