Pular para o conteúdo
Publicidade

Nahum 1

1 Pwofesi pou Ninive. Liv vizyon a Nahum nan, Elkochit la. 2 Yon Dye 1:2 Egz 20:5; Det 32:35,41 jalou k ap vanjans se SENYÈ a. SENYÈ a plen chalè kòlè ak vanjans. SENYÈ a ap pran vanjans Li sou sa yo ki kont Li yo. Sou lènmi Li yo, li konsève chalè kòlè Li. 3 SENYÈ a 1:3 Egz 34:6,7 lan nan kòlè, e Li plen pwisans. Konsa, li byen si ke SENYÈ a p ap kite koupab la san pinisyon. Mwayen Li se nan toubiyon ak tanpèt, e nwaj yo se pousyè anba pye Li. 4 Li 1:4 Jos 3:15,16; És 33:9 Repwoche lanmè a, e l vin sèch. Li larivyè yo vin sèch. Basan ak Carmel seche; flè a Liban yo vin fennen. 5 Mòn yo 1:5 Egz 19:18; És 24:1,20 tranble akoz Li, e kolin yo vin fann nèt. Anverite latè a boulvèse pa prezans Li, lemonn ak tout sa ki rete ladann. 6 Se kilès ki ka kanpe devan gwo kòlè Li? Kilès ki ka sipòte 1:6 És 13:13chalè kòlè Li? Se tankou dife 1:6 És 66:15 kòlè Li vide; Li menm ki wòch yo kraze an mòso. 7 SENYÈ a 1:7 Sòm 25:8 bon; se yon sitadèl nan jou malè. Epi Li konnen sila ki pran refij nan li yo. 8 Men tankou yon 1:8 És 28:2,17 inondasyon ki debòde nèt, li va vil Ninive disparèt nèt, e kouri dèyè lènmi Li yo jis rive nan fènwa. 9 Nenpòt panse nou konn 1:9 Sòm 2:1kont SENYÈ a, li va mete fen a sa 1:9 És 28:22 nèt. Gwo twoub sa a p ap parèt de fwa. 10 Kon bwa pikan mele mare, kon sila ki sou ak bwason yo, yo va 1:10 És 5:24 vin konsonmen nèt kon pay ki fennen nèt. 11 Nan ou, te sòti yon moun ki te 1:11 És 10:7-11 move konplo kont SENYÈ a, yon 1:11 Éz 11:2 konseye mechan.

12 Konsa pale SENYÈ a: "Byenke yo plen fòs, e yo gen anpil moun; malgre sa, yo va 1:12 És 10:16-19,33,34vin koupe retire e disparèt. Byenke Mwen te aflije ou, Mwen p ap aflije ou 1:12 Lam 3:31,32 ankò. 13 Pou sa, koulye a, Mwen va 1:13 És 9:4 kraze retire jouk li ki mare sou ou a, e mwen va eklate chèn ou yo."

14 SENYÈ a fin pase lòd konsènan ou menm: 1:14 Job 18:17; Éz 32:22 "P ap gen desandan ki pou pote non ou ankò. Mwen va koupe retire zidòl ak imaj soti lakay dye ou yo. M ap prepare yon kote antèman pou ou; paske ou vin abominab."

15 Gade byen, 1:15 És 40:9 sou mòn yo, pye a li ki pote bòn nouvèl, ki anonse lapè yo! fèt nou, O Juda! Akonpli ve nou yo. Paske sa p ap janm rive ankò pou mechan sila an vin pase nan mitan nou. Li fin koupe retire nèt.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também

Naum
Ver todos os capítulos de Naum