1 Alò, li te vin rive ke lè 4:1 Né 2:10Sanballat te tande ke nou t ap rebati miray la, li te vin anraje nèt, byen fache e te moke Jwif yo. 2 Li te pale nan prezans a frè li yo avèk Samariten rich yo. Li te di: "Se kisa Jwif san kapasite ak fòs sa yo ap fè la a? Èske y ap restore li pou kont yo? Èske yo kab ofri sakrifis? Èske yo kab fin fè l nan yon jounen? Èske yo kab restore wòch yo soti nan ranblè plen pousyè a; menm sa ki te brile yo?"
3 Alò, Tobija, Amonit lan, te toupre li. Li te di: "Menm sa y ap bati, 4:3 Lam 5:18 si yon rena ta vòltije ladann, li ta kraze wòch miray yo!"