Pular para o conteúdo
Publicidade

Néhémie 7

1 Alò, 7:1 Né 6:1-15 miray la te fin rebati, mwen te fin monte pòt yo e gadyen pòtay yo avèk chantè yo avèk Levit yo te chwazi. 2 Anplis, mwen te mete 7:2 Né 1:2 Hanani, frè mwen an, avèk Hanania, kòmandan a, an chaj Jérusalem. Paske li te yon nonm fidèl e te gen lakrent Bondye plis pase anpil moun. 3 Mwen te di yo: "Pa kite pòtay Jérusalem yo ouvri jiskaske solèy la vin cho ak pandan gad yo an plas yo, yo fèmen pòt yo e boulonnen yo. Anplis, chwazi gad yo soti nan pèp Jérusalem nan, chak moun sou pòs li e chak moun devan pwòp kay pa li."

4 Alò, vil la te byen gran avèk anpil espas, men moun ladann yo pa t anpil e kay yo potko bati.

5 7:5 Pwov 2:6 Konsa, Bondye mwen an te mete sa nan m pou rasanble sitwayen enpòtan lavil yo, chèf yo avèk pèp la pou vin anrejistre pa lign zansèt yo. Mwen te twouve liv a zansèt a sila ki te monte an premye yo, e ladann, rekò swivan an:

6 7:6 Esd 2:1-70 Sila yo se pèp pwovens ki te monte soti an kaptivite nan egzil ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pote ale yo, e ki te retounen Jérusalem avèk Juda, chak moun nan lavil pa li; 7 moun ki te vini avèk Zorobabel yo, Josué, Néhémie, Azaria, Raamia, Nachamani, Mardochée, Bilschan, Mispéreth, Bigvaï, Nehum, Baana.

Kantite mesye nan pèp Israël yo:

8 Fis a Pareosch yo, de-mil-san-swasann-douz.

9 Fis a Schephathia yo, twa-san-senkant-de.

10 Fis a Arach yo, sis-san-senkant-de.

11 Fis a Pachath-Moab yo, fis a Josué yo avèk Joab, de-mil-ui-san-dizwit.

12 Fis a Élam yo, mil-de-san-senkant-kat.

13 Fis a Zatthu yo, ui-san-karann-senk.

14 Fis a Zaccaï yo, sèt-san-swasant.

15 Fis a Binnuï yo, sis-san-karann-tuit.

16 Fis a Bébaï yo, sis-san-venn-tuit

17 Fis a Azgad yo, de-mil-twa-san-venn-de.

18 Fis a Adonikam yo, sis-san-swasann-sèt.

19 Fis a Bigvaï yo, de-mil-swasann-sèt.

20 Fis a Adin yo, Sis-san-senkann-senk.

21 Fis a Ather yo, nan fanmi Ézéchias, katra-ven-di-zuit.

22 Fis a Haschum yo, twa-san-venn-tuit.

23 Fis a Betsaï yo, twa-san-venn-tuit.

24 Fis a Hariph yo, san-douz.

25 Fis a Gabaon yo, katre-ven-kenz.

26 Mesye a Bethléem yo avèk Netopha, san-katre-ven-uit.

27 Mesye a Anathoth yo, san-venn-tuit.

28 Mesye a Beth-Azmaveth yo, karann-de.

29 Mesye a Kirjath-Jearim yo, a Kephira, avèk Beéroth, sèt-san-karann-twa.

30 Mesye a Rama yo avèk Guéba, sis-san-ven-te-yen.

31 Mesye nan Micmas yo, san-venn-de.

32 Mesye nan Béthel avèk yo, san-venn-twa.

33 Mesye nan lòt Nebo yo, san-karann-de.

34 Fis a lòt Élam yo, mil-de-san-senkann-kat.

35 Fis a Harim yo, twa-san-ven.

36 Fis a Jéricho yo, twa-san-karann-senk.

37 Fis a Lod, Hadid avèk Ono yo, sèt-san-ven-te-yen.

38 Fis a Senaa yo, twa-mil-nèf-san-trant.

39 Prèt yo: fis a Jedaeja lakay Josué yo, nèf-san-swasann-trèz.

40 Fis a Immer yo, mil-senkann-de.

41 Fis a Paschhur yo, mil-de-san-karann-sèt.

42 Fis a Harim yo, mil-di-sèt.

43 Levit yo: fis a Josué ak Kadmiel yo, avèk fis a Hodeva yo, swasann-katòz.

44 Chantè yo: fis a Asaph yo, san-karann-tuit.

45 Gadyen pòtay yo: fis a Schallum yo, fis a Ather yo, fis a Thaimon yo, fis a Akkub yo, fis a Hathitha yo, fis a Schobaï yo, san-trann-tuit.

46 Sèvitè tanp yo: fis a Tsicha yo, fis a Hasupha yo, fis a Thabbaoth yo. 47 Fis a Kéros yo, fis a Sia yo, fis a Padon yo. 48 Fis a Lebana yo, fis a Hagaba yo, fis a Salmaï yo. 49 Fis a Hanan yo, fis a Guiddel yo, fis a Gachar yo. 50 Fis a Reaja yo, fis a Retsin yo, fis a Nekoda yo. 51 Fis a Gazzam yo, fis a Uzza yo, fis a Paséach yo. 52 Fis a Bésaï yo, fis a Mehunim yo, fis a Nephischsim yo. 53 Fis a Bakbuk yo, fis a Hakupha yo, fis a Harhur yo. 54 Fis a Batslith yo, fis a Mehida yo, fis a Harscha yo, 55 fis a Barkos yo, fis a Sisera yo, fis a Thamach yo, 56 fis a Netsiach yo, fis a Hathipha yo.

57 Fis a sèvitè Salomon yo: fis a Sothaï yo, fis a Sophéreth yo, fis a Perida yo. 58 Fis a Jaaia yo, fis a Darkon yo, fis a Guiddel yo. 59 Fis a Schephathia yo, fis a Hatthil yo, fis a Pokéreth-Hatsebaïm yo, fis a Amon yo. 60 Tout sèvitè tanp yo avèk fis a sèvitè Salomon yo, twa-san-katre-ven-douz.

61 Sila yo se te yo menm ki te monte soti Tel-Melah yo, Tel-Harsha, Cherub, Addon e Immer yo, men yo pa t kab bay prèv lakay papa zansèt pa yo, pou demontre ke se Izrayelit yo te ye:

62 fis a Delaiah yo, fis a Tobiah yo, fis a Nekoda yo, sis-san-karann-de.

63 Nan prèt yo: fis a Hobaja yo, fis a Hakkots yo, fis a Barzillaï yo, ki te pran kon madanm youn nan fis a Barzillaï yo, Galaadit la e te rele selon non pa yo.

64 Sila yo te rechèch nan achiv zansèt yo, men yo pa t kapab twouve yo; akoz sa, yo te konsidere pa pwòp e pa t kab sèvis kon prèt. 65 Gouvènè a te pale yo ke yo pa t pou manje soti nan bagay sen pase tout lòt bagay yo, jiskaske yon prèt vin leve avèk 7:65 Egz 28:30 Ourim avèk Thoumim nan.

66 Asanble a an antye te karann-de-mil-twa-san-swasant moun, 67 anplis, sèvitè avèk sèvant pa yo, sou sila yo te gen sèt-mil-twa-san-trann-sèt moun; epi yo te gen de-san-karann-senk gason avèk fanm nan chantè yo. 68 7:68 Esd 2:66 Cheval pa yo te sèt-san-trann-sis; milèt yo, de-san-karann-senk; 69 chamo yo, kat-san-trann-senk, bourik yo, si-mil-sèt-san-ven.

70 Kèk moun pami tèt lakay zansèt yo te don pou travay la. 7:70 Né 7:65Gouvènè a te bay nan trezò a travay la mil ons an , senkant basen ak senk-san-trant nan vètman prèt yo. 71 Kèk moun pami tèt lakay zansèt yo te bay nan trezò travay la ven-mil ons an ak de-mil-de-san min an ajan. 72 Sa ki te bay pa tout lòt moun nan pèp la te ven-mil ons an , ak de-mil min an ajan, avèk swasann-sèt nan vètman prèt.

73 Alò, 7:73 I Kwo 9:2 prèt yo, Levit yo, gadyen pòtay yo, chantè yo, kèk moun nan pèp la, sèvitè tanp yo ak tout Israël te rete nan vil pa yo.

setyèm mwa a te vin rive, fis Israël yo te vin antre nan pwòp vil pa yo.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também