14 Anplis, soti nan jou sa a mwen te chwazi kon gouvènè sou yo nan peyi Juda, soti nan ventyèm ane a jis rive nan 5:14 Né 13:5 trann-dezyèm ane a Wa Artexarxès la, pandan douzan, ni mwen ni moun fanmi parèy a mwen, yo pa t manje nan pati nan manje prevwa pou gouvènè a. 15 5:15 Né 5:9Men gouvènè ki te avan mwen yo te konn mete chaj sou pèp la e te pran soti nan men yo pen avèk diven plis karant sik ajan; menm sèvitè pa yo te konn vin kon chèf sou moun. Men mwen pa t fè sa akoz lakrent Bondye. 16 Anplis, mwen te aplike mwen a travay sou miray la. Nou pa t achte okenn teren e sèvitè pa m yo te toujou rasanble la pou travay la. 17 Toujou te gen sou tab mwen san-senkant Jwif avèk chèf yo, anplis, sila ki te vin kote nou soti nan nasyon ki te antoure nou yo. 18 Alò, 5:18 I Wa 4:22-23 sa ki te prepare chak jou yo se te yon gwo bèf avèk sis mouton nan meyè kalite, zwazo ki te prepare pou mwen; epi yon fwa chak di jou, tout kalite diven an abondans. Men pou tout sa, mwen pa t mande nan taks prevwa pou gouvènè a, akoz chaj la te lou sou pèp sa a. 19 5:19 Né 13:14-23Sonje mwen, O Bondye mwen avèk bonte Ou, pou tout sa ke m te fè pou pèp sa a.