Pular para o conteúdo
Publicidade

Romanos 10

1 Frè m yo, dezi m ak lapriyè m a Bondye se pou tout Jwif yo kapab sove. 2 Paske mwen temwaye de yo ke yo 10:2 Trav 21:20gen yon zèl pou Bondye, men pa selon bon konprann yo. 3 Paske san konesans de 10:3 Wo 1:17ladwati Bondye a, yo te eseye etabli ladwati pa yo, e yo pa t soumèt yo menm a jistis Bondye a. 4 Paske 10:4 Wo 7:1-4Kris lalwa a ranpli pou ladwati de tout sila ki kwè yo.

5 Moïse te ekri ke moun 10:5 Lev 18:5ki pratike ladwati ki baze sou Lalwa a ap viv pa jistis sila a. 6 Men 10:6 Wo 9:30ladwati ki baze sou lafwa a, pale konsa: 10:6 Det 30:12"Pa di nan ou Kilès k ap monte nan syèl la?(Sa vle di pou Kris desann) 7 Oubyen: Kilès k ap desann nan labim nan(sa vle di pou 10:7 Eb 13:20mennen Kris sòti nan lanmò)." 8 Men kisa sa di? 10:8 Det 30:14"Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan ou." Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a, 9 ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan ou ke 10:9 Trav 2:24Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. 10 Paske avèk yon moun kwè ki l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki l va sove. 11 Paske Ekriti Sen an di: 10:11 És 28:16"Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi."

12 Paske 10:12 Wo 3:22,29pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo. 13 Konsa, 10:13 Jl 2:32"Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove." 14 Konsa kòman yo va rele Li si yo pa janm kwè? Kòman yo va kwè nan Li 10:14 Ef 2:17si yo pa janm tande? Epi kòman yo va tande san 10:14 Trav 8:31yon predikatè? 15 Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a:

10:15 És 52:7 "A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl

a bon bagay bèl yo!"

16 Sepandan, se pa tout moun ki te aksepte bòn nouvèl la; Ésaïe di: 10:16 És 53:1"Senyè, kilès ki kwè rapò nou an?" 17 Konsa lafwa soti nan 10:17 Gal 3:2,5tande, e tande pa 10:17 Kol 3:16pawòl a Kris la. 18 Men mwen di: "Byensi, yo pa janm tande; se pa sa?" Anfèt yo tande:

10:18 Sòm 19:4 "Vwa pa yo ale sou tout latè e pawòl pa yo rive jis nan dènye pwent mond lan."

Epi pawòl yo rive nan tout pwent latè a.

19 Men mwen di: "Byensi Israël pa t konnen; se pa sa?" Dabò, Moïse di:

10:19 Det 32:21 "M ap nou jalou pou sa ki pa yon nasyon;

avèk yon nasyon san konprann, m ap nou fache."

20 Ésaïe, ak kouraj te di: 10:20 És 65:1"Mwen te twouve pa sila ki pa t chache M yo;

Mwen te vin parèt a sila ki pa t mande pou mwen yo."

21 Men selon Israël Li di: "Mwen lonje men m tout lajounen bay yon pèp tèt di e dezobeyisan."

Veja também