Publicidade

Romanos 13

1 Chak moun dwe 13:1 Tit 3:1obeyisan ak otorite gouvènman yo. Paske pa gen otorite sof ke li sòti nan Bondye, e sila ki egziste yo etabli pa Bondye. 2 Konsa, nenpòt moun ki reziste a otorite, opoze a òdonans Bondye a. E sila ki opoze yo va resevwa kondanasyon sou pwòp tèt yo. 3 Paske 13:3 I Pi 2:14sila yo ki nan otorite p ap koz laperèz pou sila ki gen bon kondwit yo, men pou sila ki mal yo. Èske nou vle pa gen laperèz pou otorite? sa ki bon e yo va bannou lwanj. 4 Paske li menm se sèvitè Bondye anvè nou menm pou sa ki bon. Men si nou sa ki mal, fòk nou ; paske li pa pote nepe pou granmesi. Paske li se yon sèvitè Bondye, yon 13:4 I Tes 4:6vanjè k ap pote kòlè sou sila ki pratike mechanste yo. 5 Konsa, li nesesè pou nou soumèt nou. Sa pa fèt sèlman akoz krent lakòlè a, men osi 13:5 Ekl 8akoz bon konsyans pa nou. 6 Se pou sa tou ke nou toujou peye taks leta a; paske sila k ap gouvène yo se sèvitè Bondye ki te plase espre pou sèvis sa a. 7 13:7 Mat 22:21Bay yo tout sa ke nou dwe yo; taks a sila nou dwe taks yo, enpo a sila nou dwe enpo yo, lakrent a sila ke nou dwe krent yo, onè a sila ke nou dwe onè yo.

8 Pa dwe anyen a pèsòn, eksepte renmen youn lòt; paske sila ki renmen vwazen li, akonpli lalwa a. 9 Konsa 13:9 Egz 20:13"Pa adiltè, Pa touye moun, Pa vòlè, pa gen lanvi pou sa ki nan lòt", epi si gen lòt kòmandman, li ranpli nan pawòl sa a: 13:9 Lev 19:18"Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou." 10 Lanmou pa janm mal a yon vwazen, konsa 13:10 Mat 7:12lanmou toujou akonpli lalwa a.

11 sa, paske nou konnen a. a rive pou nou 13:11 Mc 13:37leve nan dòmi, paske delivrans nou pi prè pase nou te kwè a. 12 Nwit lan prèske fini; jounen an prè. Konsa, annou mete sou kote tout 13:12 Ef 5:11zèv tenèb yo, e abiye nou ak 13:12 Ef 6:11,13pwotèj limyè a. 13 Annou 13:13 I Tes 4:12gen bon kondwit tankou nan lajounen. Pa antre nan banbòch ak eksè bwè, ni nan tout zak imoral, sansyèl, goumen, ak jalouzi. 14 Men 13:14 Job 29:14abiye nou ak Senyè Jésus Kri a e pa pwovizyon pou lachè ak tout dezi li yo.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-