16 Kado a se pa tankou sila ki te vini pa moun ki te peche a; paske 5:16 I Kor 11:32jijman an te sòti nan yon sèl transgresyon ki te bay rezilta a kondanasyon, men kado gratis la, ki te soti akoz anpil transgresyon yo, te bay kon rezilta a, jistifikasyon. 17 Paske si pa transgresyon a yon moun, lanmò te renye akoz li menm, bokou plis ke sa, sila ki resevwa gras an abondans ak kado ladwati a, ap 5:17 II Tim 2:12renye nan lavi atravè Li menm, Jésus Kri.