5 Paske sila ki viv selon lachè yo konsantre panse yo nan 8:5 Gal 5:19-21tout bagay ki konsène lachè a, men sila ki viv selon Lespri a, konsantre panse yo sou 8:5 Gal 5:22-25tout bagay Lespri yo. 6 8:6 Gal 6:8Paske panse ki konsantre sou lachè a se lanmò, men panse ki konsantre sou Lespri a se lavi ak lapè. 7 Konsa, panse ki konsantre sou lachè se 8:7 Jc 4:4lènmi a Bondye, paske li pa soumèt tèt li a Lalwa Bondye. Paske li pa posib pou lachè a fè sa. 8 Konsa, sila ki 8:8 Wo 7:5nan lachè yo pa kapab fè Bondye plezi.
Publicidade