Pular para o conteúdo
Publicidade

Jérémie 4

1 "Si ou va 4:1 Jr 3:22retounen, O Israël", deklare SENYÈ a, "si ou va retounen kote Mwen, e si ou va retire bagay abominab ou yo devan prezans Mwen; konsa, ou p ap deplase. 2 Si ou va sèmante: Kon SENYÈ a vivan an, 4:2 És 48:1anverite, ak jistis, e nan ladwati; konsa, nasyon yo va beni tèt yo nan Li, e nan Li yo va gen glwa."

3 Paske se konsa SENYÈ a pale a mesye a Juda ak Jérusalem yo: "Kraze e prepare ki poze a; 4:3 Mat 13:7pa simen pami pikan yo. 4 Sikonsi tèt nou a SENYÈ a e retire prepuce nou, mesye Juda yo, ak sila ki rete Jérusalem yo, sinon kòlè Mwen va vin parèt tankou dife e brile 4:4 Am 5:6pou okenn moun pa ka tenyen l, akoz mechanste a zèv nou yo. 5 Deklare nan Juda e pwoklame nan Jérusalem, pou di: Soufle twonpèt nan peyi a!Kriye ! Di yo: 4:5 Jos 10:20 Rasanble nou pou nou antre nan vil fòtifye yo.6 Leve yon drapo Sion! Chache sekou! Pa kanpe anplas, paske Mwen ap mennen 4:6 Jr 1:14-15malè sòti nan , ak gwo destriksyon."

7 Yon 4:7 Jr 5:6lyon ale soti nan rak bwa li; yon destriktè a nasyon yo gen tan derape. Li fin kite plas li pou peyi ou a vin yon savann. Vil ou yo va pil mazi ki san moun pou rete ladan yo. 8 Pou sa, 4:8 És 22:12abiye an twal sak! Rele ! Kriye anmwey! Paske gwo kòlè SENYÈ a pa t kite nou. 9 "Li va vin rive nan jou sa a," deklare SENYÈ a: "ke a wa a ak prens yo va fayit. Prèt yo va sezi e 4:9 És 29:9-10pwofèt yo va etone."

10 Nan sa a, mwen te di: "O, Senyè BONDYE! Asireman ou te pase pèp sa 4:10 Éz 14:9nan rizib nèt Ou te di: Ou va gen lapè. Men alò, yon nepe parèt sou gòj yo."

11 Nan sa a, li va pale a pèp sa a, e a Jérusalem: "Yon 4:11 Jr 13:24van sechrès ki sòti nan mòn sèk nan dezè a, nan direksyon fi a pèp Mwen anli pa pou vannen ni pou netwaye. 12 Yon van depase sa ava vini sou lòd Mwen. Alò, anplis Mwen va pwononse jijman kont yo."

13 Gade byen, li monte tankou nwaj, e cha lagè li yo kon toubiyon. Cheval li yo 4:13 Lam 4:19pi vit ke èg. Malè a nou menm, paske nou vin detwi nèt! 14 Lave ou retire mal la, O Jérusalem, pou ou ka sove. Pou jiskilè 4:14 Pwov 1:22panse mechan nou yo va rete anndan ou? 15 Paske yon vwa deklare soti 4:15 Jr 8:16Dan e pwoklame mechanste soti mòn Éphraïm. 16 "Livre rapò li bay nasyon yo koulye a! Pwoklame sou Jérusalem, Moun syèj yo sòti nan yon 4:16 És 39:3peyi lwen! Yo leve vwa yo kontra vil Juda yo. 17 Tankou gadyen k ap veye yon chan an, yo kont li toupatou, akoz li te 4:17 És 1:20-23rebèl kont Mwen", deklare SENYÈ a. 18 4:18 Sòm 107:17"Chemen pa ou yo ak zèv pa ou yo te mennen bagay sa yo rive ou. Sa se mal ou. Li amè anpil! A la sa rive jis nan ou!"

19 4:19 És 15:5 Nanm mwen, nanm mwen! Mwen nan gwo soufrans! O mwen! m ap bat anndan m. Mwen p ap ka rete an silans, pwiske ou te tande, O nanm mwen, son de twonpèt la, alam lagè a. 20 4:20 Sòm 42:7Dega sou dega vin pwoklame, paske tout peyi a fin detwi nèt. Sibitman, tant mwen yo vin devaste; rido mwen yo vin devaste nan yon moman. 21 Pou konbyen de tan mwen va oblije drapo a, e koute son twonpèt la?

22 "Paske, pèp mwen an rete nan foli. Yo pa rekonèt Mwen. Yo se timoun sòt ki pa gen konprann. Yo koken nan 4:22 Jr 9:3mal, men pou sa ki bon, yo pa konnen." 23 Mwen te gade sou a e, gade byen, li te 4:23 Jen 1:2san fòm e vid; syèl yo men yo pa t gen limyè. 24 Mwen te gade mòn yo, e gade byen, yo t ap 4:24 És 5:25souke; tout kolin yo te mouvman ale retou. 25 Mwen te gade, e gade byen, pa t gen moun, e tout 4:25 Jr 9:10zwazo syèl yo te vin sove ale. 26 Mwen te gade e gade byen, bon peyi fètil la te vin yon dezè, e tout vil li yo te fin demoli devan SENYÈ a, devan gwo kòlè Li. 27 Paske konsa pale SENYÈ a: 4:27 Jr 12:11-12"Tout peyi a va dezole; malgre, Mwen p ap fin detwi li nèt. 28 Pou sa, tout latè va kriye ak doulè, e syèl anwo yo va fènwa, akoz Mwen te pale sa a. Mwen te plan sa a, e Mwen p ap chanje lide Mwen. Ni Mwen p ap detounen sou sa."

29 Ak bri chevalye a, ak mèt banza yo, 4:29 II Wa 25:4tout vil yo vin sove ale. Yo antre nan gran rak bwa, e yo monte sou wòch yo. Tout vil yo vin abandone e nanpwen pèsòn ki rete ladan yo. 30 Ou menm, O sila ki dezole a, 4:30 És 10:3se kisa ou va ? Malgre ou abiye an kramwazi, malgre ou dekore ou ak dekorasyon an , malgre ou agrandi zye ou ak penti, se anven ou ou bèl la. Sila ki renmen ou yo meprize ou. Yo chache lavi ou. 31 Paske mwen te tande kri yon fanm nan doulè l; doulè a yon fanm k ap premye pitit, kri fi a Sion an, k ap 4:31 És 42:14soufle , lonje men l e rele, "Anmwey! Mwen pedi kouraj nèt devan asasen yo."

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também