Pular para o conteúdo
Publicidade

Jérémie 47

1 Sa ki te vini kon pawòl SENYÈ a de Jérémie, pwofèt la, konsènan 47:1 Jr 25:20Filisten yo, avan Farawon te fin bat peyi Gaza.

2 Konsa pale SENYÈ a:

"Gade byen, dlo yo ap leve soti nan 47:2 És 14:31

e l ap vin yon gwo fòs inondasyon dlo k ap debòde

jis li vin kouvri latè ak tout kapasite l,

menm vil a sila ki rete ladann.

Mesye yo va kriye ,

e tout moun ladann va rele anmwey.

3 Akoz bri zago cheval li k ap kouri rèd,

zen a cha li yo, ak gwonde a wou yo,

papa yo pa p retounen pran pitit yo,

men men yo va lage nèt ak sezisman.

4 Akoz jou k ap vini pou detwi tout Filisten yo,

pou koupe retire nèt de Tyr ak Sidon tout soutyen ki rete yo;

paske SENYÈ a ap detwi Filisten yo,

retay a kot Caphtor a.

5 Gaza vin chòv;

47:5 Jij 1:18 Askalon te fin detwi nèt.

O retay vale yo!

Pandan konbyen de tan

nou va blese pwòp chè nou?

6 "Ah 47:6 Jij 7:20nepe SENYÈ a!

Pandan konbyen de tan

ou va refize vin kalm?

Ralanti, rantre nan fouwo a;

repoze e rete trankil.

7 "Kòman li ka kalm, SENYÈ a bay li lòd?

Kont Ashkalon, kont kot lanmè a;

Se la, Li te 47:7 Mi 6:9ranje pou l te fèt."

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também