Pular para o conteúdo
Publicidade

Jérémie 13

1 Konsa SENYÈ a te pale mwen: "Ale 13:1 Jr 13:11achte pou kont ou yon senti an twal len. Mete l nan senti ou, men pa mete li nan dlo."

2 Konsa mwen te achte senti a selon 13:2 És 20:2pawòl SENYÈ a, e te mete l nan senti mwen.

3 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote mwen yon dezyèm fwa a, epi te di: 4 "Pran senti ke ou te achte a, ki antoure senti ou a, leve ale nan 13:4 Jr 51:63Rivyè Euphrate la, e kache li la nan yon twou wòch."

5 Konsa, mwen te ale kache li akote Rivyè Euphrate la, 13:5 Egz 39:42-43jan SENYÈ a te kòmande mwen an.

6 Apre anpil jou, SENYÈ a te di m: "Leve ale nan Rivyè Euphrate la e leve pran senti ke M te kòmande ou sere la a."

7 Epi mwen te ale nan Rivyè Euphrate la, mwen te fouye e mwen te pran senti a sòti nan plas kote mwen te sere li. Konsa, gade byen, senti a te gate. Li te vin san valè.

8 Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: 9 "Konsa pale SENYÈ a: Se konsa Mwen va detwi 13:9 Lev 26:19ògèy a Juda ak gwo ògèy a Jérusalem nan. 10 Pèp mechan sila a, ki refize koute pawòl Mwen yo, ki mache nan kou tèt di a yo e te ale dèyè lòt dye pou sèvi yo, e pou pwostène devan yo, kite yo vin tankou senti sa a, san okenn valè nèt. 11 Paske jan senti a kwoke nan senti a yon nonm nan, se konsa Mwen te tout lakay Israël 13:11 Egz 19:5-6kwoke sou Mwen,deklare SENYÈ a: pou yo ta kapab pou Mwen, yon pèp, de rekonesans, pou lwanj e pou glwa; men yo pa t koute.

12 "Pou sa, ou gen pou pale pawòl sa a yo: Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, "Fòk tout veso yo plen ak diven."Epi yo di ou: Èske nou pa konnen ke tout veso oblije plen ak diven?13 Alò, pale yo: Konsa pale SENYÈ a: "Gade byen, Mwen prèt pou plen tout sila ki rete nan peyi sa yowa k ap chita pou David sou twòn li an, prèt yo, pwofèt yo ak tout moun nan peyi Jérusalem yoak koze 13:13 Sòm 60:3vin sou nèt la! 14 Mwen va kraze yo, youn kont lòt, ni papa ni fis ansanm", deklare SENYÈ a. "Mwen p ap gen 13:14 Det 29:20pitye, ni regrè, ni konpasyon pou yo pa detwi.""

15 Koute e prete atansyon ak sa.

Pa 13:15 Pwov 16:5ògèy, paske SENYÈ a fin pale.

16 Bay glwa a SENYÈ a, Bondye nou an, avan li pote 13:16 És 5:30fènwa,

avan pye nou vin glise tonbe sou mòn k ap plen tenèb yo;

pou pandan nou ap tann limyè,

Li pa l antre nan fènwa lanmò a

pou l rive nan tenèb ki san espwa.

17 Men 13:17 Mal 2:2si ou pa koute sa a,

nanm mwen va kriye an sekrè pou kalite ògèy sa a.

Wi, zye m va kriye anmè e koule anpil dlo,

akoz bann mouton SENYÈ a fin kaptif nèt.

18 Di a 13:18 II Wa 24:12wa a ak manman rèn nan:

"Pran yon chèz ki ba,

paske bèl kouwòn ou an,

kouwòn de glwa a menm,

fin tonbe kite tèt ou."

19 13:19 Jr 32:44 Vil negev yo te fèmen ak kle,

e nanpwen moun ki pou louvri yo.

Tout Juda fin antre an egzil, antre an egzil nèt.

20 Leve zye ou pou , 13:20 Jr 1:15men sila k ap vini soti nan yo.

Kote bann mouton ki te bay a ou menm nan, bèl mouton ou yo?

21 Kisa ou va di Li chwazi yo chèf sou nou

konsi, se nou menm ki te enstwi yo

ansyen 13:21 Jr 2:25zanmi nou yo vin chèf sou nou?

Èske gwo doulè p ap sezi ou tankou yon fanm nan akouchman?

22 "Si ou di nan ou, 13:22 Jr 5:19poukisa bagay sa te rive mwen?"

Akoz grandè a inikite ou, jip ou yo te vin retire

e talon ou yo te vin ekspoze.

23 13:23 Pwov 27:22 Èske Etyopyen an ka chanje koulè po li,

oswa leyopa a takte li yo?

Sèl Konsa nou menm tou, ak abitid mal,

ta ka chanje 1 pou vin byen.

24 Akoz sa, Mwen va 13:24 Lev 26:33gaye yo kon pay nan van, nan van dezè a.

25 "Sa se 13:25 Job 20:29tiraj osò pa nou,

pòsyon ke nou resevwa sòti nan Mwen an", deklare SENYÈ a,

"akoz nou te bliye Mwen

e te mete konfyans nan sa ki fo.

26 Akoz sa, Mwen menm va 13:26 Lam 1:8retire jip ou anwo figi ou,

pou wont ou kapab vin vizib.

27 Mwen te abominasyon nou yo, ak13:27 Jr 5:7-8adiltè ou yo

e ranni ak anvi pou pwostitisyon lèd ou yo,

sou kolin ak nan chan yo.

Malè a ou menm, O Jérusalem!

Pou jiskilè ou va rete pa pwòp?"

Pou konbyen de tan sa va dire?

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também