Pular para o conteúdo
Publicidade

Jérémie 7

1 Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, ki te di: 2 7:2 Jr 17:19"Kanpe nan pòtay lakay SENYÈ a. La, pwoklame pawòl sa a. Di l konsa: Koute pawòl SENYÈ a, nou tout nan Juda, ki antre nan pòtay sa yo pou adore SENYÈ a!"

3 Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, 7:3 Jr 4:1"Korije chemen nou yo ak zèv nou yo, e Mwen va kite nou rete nan plas sa a. 4 7:4 Jr 7:8Pa mete konfyans nan pawòl manti k ap di nou: Sa se tanp SENYÈ a, tanp SENYÈ a, tanp SENYÈ a.5 Paske si, anverite, nou korije chemen nou yo, ak zèv nou yo; si, anverite, nou 7:5 I Wa 6:12pratike jistis antre yon nonm ak vwazen li, 6 si nou pa oprime etranje a, òfelen an, oswa vèv la e pa vèse san inosan a nan plas sa, ni 7:6 Det 6:14-15 mache dèyè lòt dye anvè pwòp destriksyon nou, 7 alò, Mwen va kite nou rete nan plas sa a, nan 7:7 Jr 3:18peyi ke M te bay a papa zansèt nou yo jis pou tout tan. 8 Gade byen, nou ap mete konfyans nan 7:8 Jr 7:4pawòl riz yo. Yo p ap ka anyen pou nou. 9 Èske nou va vòlè, touye moun, komèt adiltè, bay fo temwayaj, ofri sakrifis a Baal, e mache dèyè 7:9 Egz 20:3lòt dye ke nou pa t konnen, 10 epi konsa,7:10 Éz 23:39vin kanpe devan Mwen nan kay sila a, ki rele pa non Mwen an, pou di M: Nou delivre,konsa pou nou ka tout bagay abominab sila yo? 11 Èske kay sila a, ki rele pa non pa M nan, èske non l vin chanje pou l vin yon 7:11 Mat 21:13kav plen vòlè devan zye nou? Gade byen, Mwen menm, Mwen te l," deklare SENYÈ a.

12 "Men ale koulye a kote plas Mwen an 7:12 Jij 18:31Silo, kote non Mwen te rete an premye a. Gade la pou sa M te li akoz mechanste a pèp Mwen an, Israël la. 13 Konsa, akoz nou te tout bagay sa yo," deklare SENYÈ a: "akoz Mwen te pale ak nou, M te 7:13 Jr 7:25leve bonè pou nou te pale, men nou pa t tande. Mwen te rele nou, men nou pa t reponn. 14 Akoz sa a, Mwen va rive nan 7:14 Det 12:5kay ki rele pa non Mwen an, nan sila nou mete konfyans lan e plas ke M te bay a nou menm ak papa zansèt nou yo, menm sa M te nan Silo a. 15 Mwen va 7:15 Jr 15:1jete nou deyò pou zye m pa nou, tankou Mwen te jete tout frè nou yo deyò, tout desandan Éphraïm yo.

16 "Pou ou menm, 7:16 Egz 32:10pa priye pou pèp sila a. Pa leve yon kri pou yo, ni entèsede avè M, paske Mwen pa tande ou. 17 Èske ou pa ki sa y ap nan vil Juda yo ak nan lari Jérusalem yo? 18 Timoun yo ranmase bwa, papa yo mete dife ladann e fanm yo bat pat farin nan pou gato pou rèn syèl la. Yo vide ofrann bwason bay lòt dye yo pou yo ka 7:18 Det 32:16-21vekse M. 19 7:19 Job 35:6Èske yo vekse M? deklare SENYÈ a. "Èske se pa tèt yo ke y ap vekse jis rive nan malkonprann ki rive sou pwòp figi yo?"

20 Pou sa, pale Senyè BONDYE a, 7:20 És 42:25 "Kòlè Mwen ak chalè Mwen va vide sou plas sa a, ni sou lòm, ni bèt, ni bwa chan, ak sou tout fwi yo. Li va brile, e li p ap ka etenn."

21 Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: "Ajoute ofrann nou yo sou sakrifis nou yo e 7:21 Éz 33:25manje chè. 22 Paske Mwen pa t 7:22 I Sam 15:22pale ak papa zansèt nou yo, ni kòmande yo nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, pou ofrann brile, ni pou sakrifis. 23 Men sa ke M te kòmande yo e Mwen te di: 7:23 Egz 15:26 Obeyi vwa M, e Mwen va Bondye nou e nou va pèp Mwen. Mache nan tout vwa ke M kòmande nou yo, pou tout bagay ale byen ak nou.24 Sepandan, yo pa t obeyi, ni yo pa t panche zòrèy Mwen. Men yo te mache nan pwòp konsèy pa yo, nan tèt di a mechan yo, e yo 7:24 Jr 15:6te an aryè olye yo devan. 25 Depi nan jou ke papa zansèt nou yo te sòti nan peyi Égypte la, jis rive nan jou sila a, 7:25 II Kwo 36:15Mwen te voye bannou tout sèvitè Mwen yo ak pwofèt yo. Chak jou Mwen te leve granmmaten pou voye yo. 26 Sepandan, yo pa t koute Mwen, ni panche zòrèy yo, men yo te tèt di. Yo te 7:26 Jr 16:12plis mal pase papa yo.

27 "Ou va 7:27 Jr 1:7pale tout pawòl sa yo avèk yo, men yo p ap koute ou. Ou va rele kote yo, men yo p ap reponn ou. 28 Ou va di yo: Sa se nasyon ki 7:28 Jr 6:17pa t obeyi vwa SENYÈ a, Bondye pa yo a, ni ki pa t aksepte koreksyon. Verite fin peri e koupe retire nèt nan bouch yo. 29 Koupe retire cheve ou, e jete li. Kòmanse gwo kri sou wotè vid yo. Paske SENYÈ a fin 7:29 Jr 6:30rejte e abandone jenerasyon kòlè Li a.

30 "Paske fis a Juda yo te mal nan zye M," deklare SENYÈ a. "Yo te 7:30 II Wa 21:3mete bagay abominab pa yo nan kay ki rele pa non Mwen an, pou souye li. 31 Yo te bati wo plas la nan Topheth, ki nan vale a fis a Hinnom an, pou 7:31 Lev 18:21brile fis ak fi pa yo nan dife, ke M pa t kòmande, ni sa pa t rive nan tèt Mwen. 32 7:32 Jr 19:6-11Pou sa, gade byen, jou yo ap vini," deklare SENYÈ a: "li p ap rele Topheth ankò, ni vale a fis a Hinnom an, men vale a masak la; paske yo va antèman Topheth, jis pa gen plas pou antere ankò. 33 7:33 Det 28:26Kadav mouri a pèp sila yo va manje pou zwazo syèl yo ak pou bèt latè yo. Epi nanpwen moun k ap chase yo ale. 34 Nan moman sa a, Mwen va sispann soti nan vil a Juda yo ak lari a Jérusalem yo, vwa a kontan ak vwa a jennonm k ap marye a, ak fi maryaj la; paske 7:34 Lev 26:33peyi a va devaste nèt."

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também