Pular para o conteúdo
Publicidade

Jérémie 21

1 Pawòl ki te vini kote Jérémie soti nan SENYÈ a, 21:1 II Wa 24:17-18Wa Sédécias te voye Paschhur, fis a Malkija a, ak Sophonie, fis a Maaséja a, prèt la, pou di l: 2 Souple, mande a SENYÈ a pou nou menm, paske 21:2 II Wa 25:1Nebucadnetsar, wa Babylone nan ap lagè kont nou. Petèt SENYÈ a va aji avèk nou selon zèv mèvèy Li yo, pou lènmi an rete l sou nou.

3 Alò, Jérémie te di yo: "Nou va di Sédécias konsa: 4 Konsa pale SENYÈ Bondye Israël la: "Gade byen, Mwen prèt pou 21:4 Jr 32:5vire zam lagè ki nan men nou yo, zam ak sila n ap batay kont wa Babylone nan, ak Kaldeyen k ap syèj nou deyò miray la. Konsa, Mwen va rasanble yo nan mitan vil sa a. 5 Mwen menm, 21:5 És 63:10Mwen va lagè kont nou ak yon men lonje, ak yon bra pwisan, menm ak kòlè, gwo kòlè, ak gwo endiyasyon. 6 Anplis, Mwen va frape tout sa ki rete nan vil sa a, ni lòm, ni bèt. Yo va mouri akoz yon gwo 21:6 Jr 14:12epidemi. 7 l fini", deklare SENYÈ a: 21:7 II Wa 25:5-21"Mwen va livre Sédécias, wa Juda a ak sèvitè li yo ak pèp la, sila yo ki chape nan vil sa a de epidemi, nepe, ak gwo grangou, pou yo antre nan men a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, nan men a lènmi pa yo ak nan men a sila k ap chache lavi yo. Epi li va frape yo ak kout nepe. Li p ap lese yo, ni gen okenn pitye, ni konpasyon pou yo."

8 "Anplis, Ou va di a pèp sa a: Konsa pale SENYÈ a: "Gade byen, Mwen 21:8 Det 30:15-19mete devan nou chemen lavi ak chemen lanmò. 9 Sila ki 21:9 Jr 38:2-23rete nan vil sa a va mouri pa nepe ak gwo grangou, ak epidemi, men sila ki soti e desann kote Kaldeyen k ap syèj kont nou yo, va sove lavi li. Li va chape ak lavi li. 10 Paske Mwen te 21:10 Lev 17:10ranje figi M kont vil sa a pou mal, e pa pou byen," deklare SENYÈ a. "Li va livre nan men a wa Babylone nan e li va brile li ak dife."

11 "Konsa, di a lakay 21:11 Jr 17:20wa Juda a: Tande pawòl SENYÈ a. 12 O lakay David, konsa pale SENYÈ a:

Aji ak jistis chak maten.

Delivre moun ki te vòlè devan pouvwa a sila ki te oprime l la,

pou gwo kòlè Mwen pa sòti deyò kon dife

e brile yon jan pou okenn pa ka etenn,

akoz mechanste a zak yo.

13 Gade byen, Mwen kontra ou,

O 21:13 Sòm 125:2sila ki rete nan ba plèn nan,deklare SENYÈ a.

Nou menm k ap di: "Se kilès k ap desann kont nou?"

Oswa, "Se kilès k ap antre nan abitasyon nou yo?"

14 Mwen va pini nou 21:14 És 3:10-11selon rezilta zak nou yo, deklare SENYÈ a:

"Epi Mwen va limen yon dife nan forè li

ki va devore tout ozanviwon li."

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também