Pular para o conteúdo
Publicidade

Jérémie 8

1 "Nan sa a", deklare SENYÈ a: "yo va 8:1 Éz 6:5mennen vin parèt zo a wa a Juda yo, ak zo a prens pa yo, zo a prèt yo ak zo a pwofèt yo, e zo a pèp Jérusalem yo soti nan tonm pa yo. 2 Yo va gaye yo parèt devan solèy la, lalin nan ak tout 8:2 II Wa 23:5lame syèl, ke yo te renmen yo, ke yo te sèvi yo, ke yo te kouri dèyè yo, e ke yo te adore yo. Yo p ap ranmase, ni yo p ap antere; yo va rete kon fimye bèt sou sifas latè. 3 Epi pami retay sila ki rete nan fanmi mechan sila yo, se 8:3 Job 3:21-22lanmò ke y ap chwazi pito ke lavi, retay ki rete nan tout plas ke M te konn bourade yo rive yo," deklare SENYÈ dèzame yo. 4 "Ou va di yo: Konsa pale SENYÈ a,

"Èske moun konn 8:4 Pwov 24:16tonbe pou l pa leve ankò?

Èske moun konn vire kite pou l pa retounen

5 Poukisa pèp sa a, Jérusalem, te 8:5 Jr 5:6vire akote nan enfidelite san rete a?

Yo kenbe rèd a desepsyon.

Yo refize retounen.

6 Mwen te koute e te tande, men yo pa t pale sa ki dwat;

8:6 Éz 22:30 okenn moun pa t repanti de mechanste yo pou l ta di:

Kisa mwen te la a?

Yo chak vin vire nan pwòp chemen pa yo,

tankou yon cheval k ap kouri antre nan batay.

7 Menm zwazo sigòy anlè a konnen sezon li.

Toutrèl ak iwondèl ak valèt kontwole antre sòti pa yo;

men 8:7 Pwov 6:6-8pèp Mwen an pa konnen règleman SENYÈ a.

8 8:8 Job 5:12-13 "Kòman nou ka di: "Mwen saj,

epi lalwa SENYÈ a avèk nou?"

Men gade byen, fo plim a skrib yo sa tounen gwo manti.

9 Mesye saj yo 8:9 És 19:11vin wont, yo vin deranje e sezi.

Gade byen, yo te rejte pawòl SENYÈ la.

Ki kalite sajès ka rete nan yo?

10 Akoz sa, Mwen va bay madanm pa yo a lòt moun,

ak chan pa yo a lòt moun k ap okipe yo.

Paske soti nan pi piti a jis rive nan pi gran an,

yo tout 8:10 És 56:11lanvi gen sa ki pou lòt.

Soti nan pwofèt la jis rive nan prèt la, tout aji ak desepsyon.

11 Yo 8:11 Jr 6:4gerizon pèp Mwen an ak pansma lejè.

Y ap di: "Lapè, lapè," men nanpwen lapè.

12 Èske yo pa t wont akoz zak abominab yo te yo?

Anverite, yo pa t wont.

Yo pa t konprann menm ki jan pou yo ta vin wont.

Akoz sa, yo va 8:12 És 9:14tonbe pami sila k ap tonbe yo.

Nan pinisyon pa yo, yo va abese," di SENYÈ a.

13 8:13 Jr 14:12 "Anverite, Mwen va detwi yo nèt, "deklare SENYÈ a.

P ap gen rezen sou chan rezen an,

ni fig sou pye figye etranje a.

Fèy yo va fennen,

epi sa ke M te bay yo va disparèt."

14 "Poukisa nou chita an plas?

Rasanble nou!

Annou antre nan vil fòtifye yo,

epi la, annou rete an silans;

paske SENYÈ a, Bondye nou an,

te nou tonbe an silans.

Li te bannou 8:14 Det 29:18dlo anpwazone pou nou bwè,

paske nou te peche kont SENYÈ a.

15 Nou 8:15 Jr 8:11te tann lapè, men anyen bon pa t vini;

yon tan gerizon, men gade byen, gwo laperèz.

16 Soti nan Dan te tande gwo souf cheval.

Ak son ranni a etalon li yo, tout a souke;

paske yo te vini 8:16 Jr 3:24devore peyi a ak tout ki sa ki ladann,

vil la ansanm ak tout moun ki rete ladann.

17 "Paske gade byen, Mwen ap 8:17 Nonb 21:6voye sèpan yo kont nou,

vipè yo ki p ap ka chame;

e yo va mòde nou," deklare SENYÈ a.

18 Tristès Mwen depase gerizon;

8:18 Jr 23:9 M fennen anndan m!

19 Gade byen! Koute kri a fi pèp mwen an

soti nan yon peyi byen lwen:

"Èske SENYÈ a pa nan Sion?

Èske wa li a pa nan li?"

"Poukisa yo pwovoke fachez Mwen ak imaj taye yo;

ak 8:19 Sòm 31:6zidòl etranje yo?"

20 "Rekòlt la fin pase.

Gran sezon an fini,

e nou poko sove."

21 Akoz fi a pèp mwen an brize,

mwen menm brize tou;

mwen dèy konsi pou yon .

Mwen kraze ba nèt.

22 Èske pa gen pomad gerizon nan Galaad?

Èske nanpwen doktè la?

Alò 8:22 Jr 14:19poukisa lasante fi a pèp mwen an pa t restore?

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também