Pular para o conteúdo
Publicidade

Jérémie 20

1 Paschhur, prèt la, fis a Immer a, ki te 20:1 II Wa 25:18chèf ofisye lakay SENYÈ a, te tande Jérémie pwofesi sila yo, 2 Paschhur te yo 20:2 I Wa 22:27bat Jérémie, pwofèt la. Li te mete li nan sèp yo ki te kote Pòtay Anwo Benjamin an, ki te nan lakay SENYÈ a. 3 Nan pwochen jou a, Paschhur te lage Jérémie sòti nan sèp yo, Jérémie te di li: "Paschhur se pa non ke SENYÈ a te 20:3 És 8:3bay ou, men pito Magor-Missabib. 4 Paske konsa pale SENYÈ a: Gade byen, Mwen va ou vin yon gwo laperèz pou pwòp tèt ou, ak tout zanmi ou yo. Pandan zye ou toujou ap gade, yo va tonbe pa nepe lènmi pa yo. Se konsa, mwen va 20:4 Jr 21:4-10livre tout Juda, pou tonbe nan men a wa Babylone nan. Li va pote yo ale tankou egzile Babylone e li va touye yo ak nepe. 5 Anplis, Mwen va livre tout richès vil sa a, tout pwodwi li yo ak tout bagay koute chè li yo, menm tout trezò a wa a Juda yo, e mwen va livre yo nan 20:5 II Wa 20:17-18men a lènmi yo. Yo va piyaje yo, pote yo ale, e pote yo Babylone. 6 Konsa, ou menm, Paschhur, ou menm ak tout sila ki rete lakay ou yo, va ale an kaptivite. Ou va antre nan Babylone. Ou va mouri la, e la, ou va antere; ou menm avèk tout 20:6 Jr 20:4zanmi ou yo ki te bay fo pwofesi yo."

7 O SENYÈ, Ou te mennen m e mwen te mennen;

Ou pi pase m, e Ou te genyen m.

Mwen te vin yon 20:7 Job 12:4gwo blag tout lajounen;

se tout moun k ap moke mwen.

8 Paske chak fwa ke m pale, mwen kriye ;

mwen pwoklame vyolans ak destriksyon!

Konsa, 20:8 II Kwo 36:16pawòl SENYÈ a te m resevwa repwòch.

Mwen pase nan rizib tout lajounen.

9 Si mwen di: "Mwen p ap sonje Li ankò,

ni pale ankò nan non Li",

alò, anndan mwen vin 20:9 Éz 3:14kon yon

dife k ap brile ki fèmen nan zo m.

Mwen bouke kenbe l anndan m,

mwen pa kapab.

10 Paske mwen tande detripe nan zòrèy anpil moun:

"Danje, danje toupatou! Denonse! Wi, annou denonse li!"

Tout zanmi m ke m kon konfyans yo,

k ap tann pou yo mwen tonbe, ap di:

"Petèt nou ka mennen l,

pou nou ka vin enpoze nou sou li

e konsa, nou va pran vanjans sou li."

11 Men 20:11 Jr 1:8SENYÈ a avè m kon yon ewo fewòs.

Akoz sa, pèsekitè mwen yo va tonbe vin bak.

Yo p ap reyisi.

Yo va wont nèt akoz yo fayit,

ak yon wont ki p ap janm pase, ki p ap janm bliye.

12 Sepandan, O SENYÈ dèzame yo,

Ou menm ki 20:12 Sòm 7:9sonde moun dwat yo,

ki panse ak a;

kite mwen vanjans Ou sou yo;

paske a Ou menm, mwen te konfye ka m nan.

13 Chante a SENYÈ a, louwe SENYÈ a!

Paske Li te 20:13 Sòm 34:6delivre nanm a malere a

soti nan men a malfektè yo.

14 Kite 20:14 Job 3:3-6jou ke mwen te fèt la modi;

kite jou ke manman m te akouche m nan vin pa beni!

15 Kite nonm ki te mennen nouvèl kote papa m nan,

ki te di: "Yon 20:15 Jen 21:6-7tigason te fèt a ou menm,"

e ki te l byen kontan an, vin modi.

16 Men kite nonm sa a vin kon gwo vil ke

SENYÈ a te 20:16 Jen 19:25kraze nèt san pitye.

Kite li tande gwo kri nan granmmaten

ak kri "Anmwey" a midi,

17 akoz li pa t 20:17 Job 3:10-16touye m avan mwen te fèt,

pou manman m ta ka sèvi kon tonbo a

pou vant li rete ansent pou tout tan.

18 Poukisa mwen te janm sòti nan vant,

pou m ta 20:18 Job 3:20gade twoub ak tristès,

pou jou m yo ta pase nan wont?

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também