Pular para o conteúdo
Publicidade

Jérémie 28

1 Alò, nan menm ane a, nan kòmansman règn a 28:1 II Wa 24:18-20Sédécias, wa Juda a, nan katriyèm ane, nan senkyèm mwa Hanania, fis a Azzur a, pwofèt ki te sòti nan Gabaon an, te pale ak mwen lakay SENYÈ a, nan prezans a prèt yo e a tout pèp yo. Li te di: 2 28:2 Jr 27:12"Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, Mwen te kase jouk wa Babylone nan. 3 Pandan dezan Mwen va rive nan plas sa a, 28:3 II Wa 24:13tout veso lakay SENYÈ yo, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pran sòti nan plas sa a pou te pote Babylone yo. 4 Anplis, Mwen va mennen retounen nan plas sa a, Jeconia, fis a Jojakim nan, wa a Juda a ak tout egzile Juda ki te ale Babylone yo,deklare SENYÈ a, paske Mwen va kase fado a wa a Babylone nan."

5 Answit pwofèt Jérémie te pale ak pwofèt Hanania nan prezans a prèt yo, e nan prezans lan a tout moun ki te kanpe 28:5 Jr 28:1lakay SENYÈ yo, 6 epi pwofèt Jérémie te di: 28:6 I Wa 1:36"Amen! Ke SENYÈ a l konsa. Ke SENYÈ a kapab konfime pawòl ke ou te pale yo, pou mennen retounen veso lakay SENYÈ yo, e tout moun ki ekzile yo, sòti Babylone pou antre nan plas sa a. 7 Malgre sa, 28:7 I Wa 22:28tande pawòl sa a ke m prèt pou pale nan tande pa w ak tande a tout pèp la! 8 Pwofèt ki te avan mwen yo, e avan ou depi nan tan ansyen an, te 28:8 Lev 26:14-39pwofetize kont anpil peyi e kont gwo wayòm, pou lagè, pou kalamite ak envazyon ensèk ki ta ravaje peyi yo. 9 Pwofèt ki te pwofetize lapè a, 28:9 Det 18:22pwofesi sa a vin rive; alò, pwofèt sa a va vin rekonèt kon yon pwofèt ke SENYÈ te vrèman voye."

10 Alò Hanania, pwofèt la, te retire 28:10 Jr 27:2jouk la sou kou Jérémie e te kraze li. 11 Hanania te pale nan prezans a tout pèp la e te di: 28:11 Jr 14:14"Konsa pale SENYÈ a, Menm konsa, avan dezan, Mwen va kase jouk Nebucadnetsar, wa Babylone nan, l sòti sou kou a tout nasyon yo." Alò, pwofèt Jérémie te al wout li.

12 28:12 Jr 1:2 Pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie Hanania te fin kase jouk a sou kou pwofèt Jérémie an. Li te di: 13 "Ale pale ak Hanania e di: Konsa pale SENYÈ a, "Ou te kase jouk ki fèt an bwa yo, men ou rive olye de yo, jouk yo ki fèt an ." 14 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: "Mwen te mete yon 28:14 Det 28:48jouk fèt an sou kou a tout nasyon sila yo, pou yo ka sèvi Nebucadnetsar, wa Babylone nan; epi yo va sèvi li. Anplis, Mwen te bay li bèt chan yo.""

15 Epi Jérémie, pwofèt la, te di a Hanania, pwofèt la: "Koute koulye a, Hanania, SENYÈ a pa t voye ou e 28:15 Jr 20:6ou te pèp sa a kwè nan yon manti. 16 Pou sa, se konsa SENYÈ a pale: Gade byen, Mwen prèt pou retire ou sou sifas a. Ane sa a, ou va mouri, akoz ou te 28:16 Det 13:5konseye rebelyon kont SENYÈ a." 17 Se konsa Hanania, pwofèt la, te mouri nan menm ane sa a nan setyèm mwa a.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também