Publicidade

Sofonias 1

1 Pawòl SENYÈ a ki te vini a Sophonie, fis a Cuschi a, fis a Guedalia, fis a Amaria, fis a Ézéchias, nan tan Josias, fis a Amon an, wa a Juda a.

2 "Mwen va retire tout bagay nèt sou fas a", deklare SENYÈ a.1:2 Jen 6:7 3 Mwen va retire ni 1:3 És 6:11,12lòm, ni bèt. Mwen va retire 1:3 Jr 4:25 zwazo syèl yo ak pwason lanmè yo, ansanm ak pil fatra yo ak moun mechan yo. Mwen va koupe retire lòm soti sou fas a, deklare SENYÈ a. 4 Konsa Mwen va lonje men M kont Juda e kont tout sila ki rete Jérusalem yo. Mwen va 1:4 Mi 5:13koupe retire retay a Baal la nan plas sa a ak non a tout 1:4 II Wa 23:5 prèt zidòl yo, 5 sila ki adore sou 1:5 II Wa 23:12 twati kay, lame syèl yo, sila ki adore yo ki sèman pa SENYÈ a, e ki an menm tan, sèman pa 1:5 I Wa 11:5,23Milcom, 6 sila ki te 1:6 És 1:4vire bak pou yo pa swiv SENYÈ yo, ak sila ki 1:6 És 9:13 pa t ni chache ni mande pou SENYÈ a."

7 1:7 Hab 2:20 silans devan Senyè BONDYE a! Paske 1:7 So 1:14 jou SENYÈ a pre rive. Paske Bondye te prepare yon sakrifis. Li te konsakre envite Li yo. 8 Li va vin rive nan jou sakrifis SENYÈ a, ke mwen va 1:8 És 24:21pini prens yo, fis a wa yo, ak tout sila ki abiye ak 1:8 És 2:6 vètman etranje yo. 9 Mwen va pini nan jou sa a tout sila ki sote anlè papòt tanp yo, ki plen kay mèt yo ak vyolans ak desepsyon.1:9 Jr 5:27

10 Nan jou sa a, deklare SENYÈ a, va gen son a yon gwo kri soti nan 1:10 II Kwo 33:14Pòtay Pwason an, yon kri: "Anmwey" soti nan 1:10 II Kwo 34:22 dezyèm katye a, ak yon gwo bri eklatman soti nan kolin yo. 11 Rele "Anmwey!", O nou menm k ap viv Macthesch. Paske tout pèp 1:11 So 2:5 Canaran an va pe bouch yo nèt. Tout sila ki chaje avèk ajan yo va vin koupe retire nèt. 12 Li va vin rive nan sa a ke Mwen va chache tout Jérusalem ak lanp, e mwen va pini moun ki 1:12 Jr 48:11deside sou sa yo fin bwe, k ap di nan yo: "SENYÈ a 1:12 Éz 8:12 p ap byen, ni Li p ap mal!" 13 Konsa, richès yo va tounen piyaj e lakay yo va vin devaste. Wi, yo va 1:13 Am 5:11 bati kay, men yo p ap rete ladan yo. Yo va plante chan rezen, men yo p ap bwè diven yo.

14 Pre rive se 1:14 Jr 30:7gran 1:14 Éz 7:7-12 jou SENYÈ a, pre rive, e l ap pwoche byen vit. Koute vwa a, jou a SENYÈ a! Nan jou sa a, gèrye a va kriye amè. 15 Jou sa a se yon jou kòlè ak chalè, yon jou 1:15 És 22:5gwo twoub ak rele anmwey, yon jou destriksyon ak dezolasyon, yon jou 1:15 Jl 2:2,31 tenèb ak dekourajman, youn jou nwaj yo ak gwo fènwa a. 16 Yon jou 1:16 És 27:13 twonpèt ak kri batay kont vil fòtifye yo, e kont gwo ranpa yo. 17 Mwen va mennen 1:17 Jr 10:18gwo pwoblèm sou lezòm, pou yo vin mache 1:17 Det 28:29 tankou moun avèg, akoz yo te peche kont SENYÈ a. Konsa, san yo va vide tankou pousyè e chè yo kon fimye bèt. 18 Ni 1:18 Éz 7:19ajan yo, ni yo p ap kapab delivre yo nan jou jijman an, men 1:18 So 3:8 tout latè va vin devore nèt pa dife jalouzi Li. Paske Li va mete yon fen, yon fen ki tèrib, a tout moun ki rete sou a.

Veja também

Sofonias
Ver todos os capítulos de Sofonias
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-