1 Men pou ou menm, pale bagay ki apwopriye a 2:1 Tit 1:9bon doktrin nan.
2 Mesye nan laj avanse yo dwe 2:2 I Tim 3:2tanpere, dign, rezonab 2:2 Tit 1:13solid nan lafwa, nan lanmou, ak nan pèseverans.
3 Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo 2:3 I Tim 3:11pa nan fè medizans, ni 2:3 Tit 1:13vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon 4 pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo, 5 pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, 2:5 I Tim 5:14fè travay lakay yo, janti, 2:5 Ef 5:22soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.
6 Menm jan an, ankouraje 2:6 I Tim 5:1jennonm yo pou yo toujou reflechi kon moun serye. 7 Nan tout bagay, montre tèt ou kòm 2:7 I Tim 4:12yon egzanp a bon zèv. Lè ou enstwi, fè l avèk tout verite nan doktrin nan, konpòtman ki dign, ak yon bi verite ki pa konwonpi, 8 rezonab ak pawòl ki san repwòch, pou 2:8 II Tes 3:14sila ki opoze yo kapab vin wont, pou yo pa gen anyen mal pou di sou nou.
9 Ankouraje 2:9 Ef 6:5esklav yo pou soumèt a pwòp mèt yo nan tout bagay, pou fè yo plezi, san diskisyon, 10 pa nan vòlè, men nan montre tout bon lafwa nan tout bagay pou yo kapab anbeli doktrin 2:10 Tit 1:3Bondye a, Sovè nou an, nan tout jan.
11 Paske lagras Bondye 2:11 II Tim 1:10gen tan parèt, e 2:11 I Tim 2:4pote sali pou tout moun 12 kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak 2:12 I Tim 6:9dezi mond lan pou 2:12 II Tim 3:12viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a; 13 nan chèche lesperans beni ak aparisyon laglwa a 2:13 Tit 1:4gran Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri 14 ki te 2:14 I Tim 2:6bay tèt Li pou nou, pou 2:14 Sòm 130:8rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.
15 Pale, 2:15 I Tim 4:13egzòte, e repwoche nan bagay sa yo avèk tout otorite. Pa kite pèsòn meprize ou.