Publicidade

Tito 3

1 Raple yo 3:1 Wo 13:1pou soumèt yo a tout wayòm ak otorite yo, pou yo rete obeyisan, e3:1 II Tim 2:21prè pou tout bon zèv 2 pou pa di mal de pèsòn, men toujou 3:2 I Tim 3:3pezib; janti, e montre tout konsiderasyon pou tout moun.

3 3:3 Wo 11:30 Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan 3:3 II Tim 3:13twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.

4 Men 3:4 Wo 2:4bonte a Bondye, Sovè nou an, ak lanmou Li pou tout limanite a te parèt, 5 Li te sove nou, 3:5 Ef 2:9pa sou baz a zèv ladwati ke nou , men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an, 6 3:6 Wo 5:5ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an. 7 Konsa nou te vin jistifye pa lagras Li, pou nou ta kapab vin 3:7 Mat 25:34eritye selon esperans a lavi etènèl la.

8 Sa se yon pawòl ki fidèl; epi konsènan bagay sa yo, mwen vle ou pale avèk konfyans, pou sila ki te kwè nan Bondye yo, kapab pridan pou 3:8 Tit 2:7,14angaje yo nan bon zèv. Bagay sa yo bon, e pwofitab pou moun.

9 Men 3:9 II Tim 2:16evite 3:9 I Tim 1:4konfli ak jeneyaloji ki ranpli ak foli, avèk diskisyon sou Lalwa yo, paske yo san pwofi, e san valè.

10 Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman 3:10 II Jn 10rejte yon nonm 3:10 Wo 16:17k ap mete divizyon. 11 Byen konnen ke yon moun konsa 3:11 Tit 1:14pèvèti. Li nan peche, e ap kondane pwòp tèt li.

12 mwen voye Artémas oswa Tychique kote ou 3:12 II Tim 4:9tout efò pou vini kote mwen nan Nicopolis, paske mwen deside pase sezon livè a la.

13 Byen vit, voye avoka a, Zénas ak 3:13 Trav 18:24Apollos nan wout yo pou yo pa manke anyen.

14 Moun pa nou yo dwe osi aprann 3:14 Tit 3:8angaje yo nan bon zèv pou satisfè bezwen imedya yo, pou yo pa manke 3:14 Mat 7:19bay fwi.

15 Tout sila ki avè m yo salye ou. Salye sila ki renmen nou 3:15 I Tim 1:2nan lafwa yo. 3:15 Kol 4:18Ke lagras avèk nou tout.

Veja também

Tito
Ver todos os capítulos de Tito
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_12-11-46-