18 Seyè a, Bondye a, di ankò. Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li. M'ap fè yon lòt moun sanble avè l' pou ede l'.19 Se konsa, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè tout kalite zannimo ki nan savann ak tout kalite zwazo k'ap vole nan syèl la. Lè l' fini, li mennen yo bay nonm lan pou wè ki non li tapral ba yo. Se non li te ba yo a ki rete pou yo nèt.20 Se konsa, nonm lan bay tout bèt yo gade, tout bèt nan bwa ak tout zwazo ki nan syèl la non yo. Men, pa t' gen yonn ki te sanble avè l', ki ta ka ede l'.21 Lè sa a, Seyè a, Bondye a, fè dòmi pran nonm lan. Msye dòmi nèt ale. Pandan l'ap dòmi an, Bondye louvri bò kòt li, li wete yon zo kòt. Apre sa, li fèmen twou a byen fèmen.22 Avèk zo kòt li te wete nan nonm lan, li fè yon fanm, li mennen l' ba li.23 Lè nonm lan wè l', li di. Aa! Fwa sa a, men yonn ki menm jan avè m'! Zo l' se zo mwen. Chè l' se chè mwen. Y'a rele l' fanm, paske se nan gason li soti.24 Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l' pou l' mete tèt li ansanm ak madanm li, pou tout de fè yon sèl.
Publicidade
Gênesis 2
Veja também
Publicidade