Pular para o conteúdo
Publicidade

Jenèz 19

1 Alò, 19:1 Jen 18:2-22de zanj te vini Sodome nan aswè Lot te chita nan pòtay Sodome nan.

19:1 Jen 18:2-5Lot te yo, li te leve pou rankontre yo. Li te bese ba avèk figi li atè. 2 Epi li te di: "Koulye a, gade byen, frè m yo, souple vire akote nan kay sèvitè ou a, pou pase nwit lan. Lave pye nou, pou nou kapab leve bonè pou wout nou." Malgre sa, yo te di: "Non, men nou va pase nwit lan nan lari a."

3 Men li te plede avèk yo avèk fòs. Konsa yo te vire akote li e te antre lakay li a, 19:3 Jen 18:6-8e li te prepare yon gwo manje pou yo. Anplis li te kwit pen san ledven a, e yo te manje.

4 Avan yo gen tan kouche, 19:4 Jen 13:13mesye Sodome yo te antoure kay la, ni jèn, ni vye, tout moun ki te sòti nan tout katye yo. 5 Konsa, yo te rele Lot e te di li: 19:5 Lev 18:22"Kote mesye sa yo ki te vin kote ou aswè a? Mennen yo bannou pou nou kapab antre an relasyon avèk yo."

6 Men Lot te sòti kote yo nan pòtay la, e te fèmen pòt la dèyè l. 7 Li te di: "Souple, frè m yo, pa aji avèk mechanste. 8 Byen gade, 19:8 Jij 19:24mwen gen de fi ki pa janm antre an relasyon avèk yon gason. Souple, kite m mennen yo deyò pou nou, e avèk yo sa ke nou pito, men pa anyen avèk mesye sa yo, akoz se anba pwotèj twati mwen yo gen tan vini."

9 Men yo te di: "Mete ou akote." Anplis ke sa yo te di: "Sila te antre tankou etranje, e deja 19:9 Egz 2:14l ap aji kòm jij. Pou sa a, nou va trete ou pi mal pase yo." Epi yo te peze rèd kont Lot, e yo te prèt pou kase pòt la.

10 Men 19:10 Jen 19:1mesye yo nan kay la te lonje men yo rale Lot anndan avèk yo, e yo te fèmen pòt la.

11 Yo te frape mesye ki te nan pòtay kay la pou yo vin avèg, ni piti ni gran, pou yo fatige yo e pou yo pa t ka twouve pòt la. 19:11 Det 28:28-29

12 Konsa, de mesye yo te di Lot: "Kilès ankò ke ou gen isit la? Yon bofis, fis ou yo, e nenpòt moun ou gen nan vil la, mennen yo sòti kite plas sa a, 13 paske nou prèt pou detwi plas sila a, akoz 19:13 Jen 18:20plent pa yo gen tan vin tèlman gran devan SENYÈ a, ke SENYÈ a te voye nou pou detwi li."

14 Lot te ale deyò pou te pale avèk bofis li yo, ki te prèt pou marye avèk fi li yo, e li te di: "Leve 19:14 Nonb 16:21-45 sòti kite plas sila a, paske SENYÈ a va detwi vil la." Men li te sanble a bofis li a ke se yon blag ke li t ap .

15 maten an te rive, zanj yo te bourade Lot. Yo te di l: "Leve, pran madanm ou avèk de fis ou yo ki isit la, oswa ou va vin disparèt nan pinisyon vil la." 16 Men li te reta. Pou sa, mesye sa yo te 19:16 Det 5:15sezi men l avèk men madanm li avèk men a de fi li yo, paske konpasyon SENYÈ a te sou li. Yo te mennen li deyò, e yo te mete l deyò vil la.

17 yo te mennen yo deyò, youn nan yo te di: "19:17 Jr 48:6Sove ale pou lavi ou! Pa gade dèyè, e pa rete nan okenn kote nan vale a. Sove ale nan 19:17 Jen 14:10mòn yo, oswa ou va detwi nèt."

18 Men Lot de di yo: "Alò, li pa konsa, mèt mwen yo! 19 Koulye a gade byen, sèvitè nou an gen tan twouve favè nan zye nou, nou te montre jan mizerikòd nou gran nan sove vi m, men mwen p ap kapab chape nan mòn yo, paske malè a va gen tan rive sou mwen, e mwen va mouri. 20 Gade byen, vil sila a ase pre pou m sove ale ladann, e li piti. Souple, kite mwen chape pa la. Èske li pa piti? Konsa vi m kapab sove."

21 Li te di li: "Gade byen, mwen ba ou demann sa a tou, pou pa detwi vil la sou sila ou te pale a. 22 vit, chape rive la, paske mwen pa kapab anyen jiskaske ou rive la." Pou sa yo te rele vil la 19:22 Jen 13:10 Tsoar.

23 Solèy la te gen tan fin leve sou a Lot te rive Tsoar. 24 Epi SENYÈ a te souf avèk dife ki sòti nan syèl la, tonbe tankou 19:24 Det 29:23lapli sou Sodome avèk Gomorrhe. 25 19:25 Det 29:23Li te detwi vil sila yo, ak tout vale a, ak tout moun ki te rete nan vil yo, ansanm ak sa ki te grandi nan a. 26 Men madanm li ki te dèyè li te 19:26 Jen 19:17gade dèyè, e li te tounen yon pilye sèl.

27 Alò, Abraham te leve granmmaten. Li te ale nan 19:27 Jen 18:22plas kote li te kanpe devan SENYÈ a, 28 epi li te gade anba Sodome avèk Gomorrhe, tout teren nan vale a. Li te , e gade byen, 19:28 Rev 9:2 lafimen te monte tankou lafimen ki sòti nan founo.

29 Se konsa li rive ke Bondye te detwi vil yo nan vale a, ke Li te sonje Abraham. Li te 19:29 II Pi 2:7 voye Lot deyò dega a, li te boulvèse vil yo nan sila Lot te rete.

30 Lot te kite Tsoar e monte. Li te 19:30 Jen 19:17-19 rete nan mòn yo avèk de fi li yo avè l, paske li te rete Tsoar. Li te rete nan yon kav, li menm avèk de fis li yo. 31 Alò premye ne a te vin di a pi Jèn nan: "Papa nou vin vye, e nou pa gen gason sou latè pou vin 19:31 Jen 16:2-4 antre nan nou apre sistèm sou a. 32 Vini, 19:32 Luc 21:34 annou papa nou bwè diven, e annou kouche avè l pou nou kapab prezève fanmi nou an pa papa nou." 33 Pou sa, yo te papa yo bwè diven menm nwit lan, e premye ne a te antre kouche avèk papa li. Li pa t konnen ni li te kouche a, ni li te leve a.

34 Jou swivan an, premye ne a te di a pi Jèn nan, "Gade byen, swa mwen te kouche avèk papa m. Annou li bwè diven aswè a tou, epi ou menm antre kouche avè l, pou nou prezève fanmi nou an ak papa nou." 35 Alò, yo te papa yo bwè diven nan nwit lan tou, epi pi Jèn nan te leve e kouche avè l. Epi li pa t konnen ni li te kouche a, ni li te leve a.

36 Konsa tou de fi a Lot yo te vin ansent pa papa yo. 37 Premye ne a te yon fis, e li te rele non li 19:37 Det 2:9Moab. Li se papa a Moabit yo jis rive jodi a. 38 Epi pou pi Jèn nan, li te yon fis tou, e li te rele li Ben-Ammi. Li se papa a tout fis 19:38 Det 2:19Ammon yo jis rive jodi a.

Veja também