5 Men koulye a, nou pa bezwen boulvèse. Nou pa bezwen règrèt nou te vann mwen pou yo mennen m' isit la. Se Bondye ki te voye m' devan pou m' te ka sove lavi nou.6 Sa fè dezan depi grangou tonbe sou peyi a. Men, p'ap gen mwayen travay latè ni fè rekòt pou senk lanne ankò.7 Bondye te voye m' vini devan pou ras nou an pa t' fini nan peyi a, pou m' te ka sove lavi nou, pou nou pa mouri.8 Nou wè. Se pa nou menm ki te voye m' isit la, men se Bondye. Se Bondye menm ki mete m' sèvi yon papa pou farawon an. Mwen se chèf nan tout kay li, se mwen k'ap gouvènen tout peyi Lejip la.
Publicidade
Gênesis 45
Veja também
Publicidade