Aceitar Jesus
Aceitar Jesus é a decisão mais importante da vida. Quem o recebe como Senhor e Salvador recebe vida eterna, perdão completo e a presença permanente do Espírito Santo.
Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li,
"Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl.
Jésus te di li: "Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.
ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove.
Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.
E li va rive ke tout moun
ki rele Non Senyè a va sove.’
Pierre te di yo: "Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an.
"Konsa, pa gen sali nan okenn lòt. Paske nanpwen lòt non anba syèl la ki bay pami lòm pa kilès nou dwe sove."
Yo te reponn: "Kwè nan Senyè a Jésus, e ou va sove, ou menm avèk lakay ou."
Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.
"Gade byen, Mwen kanpe nan pòt la e Mwen frape. Si yon moun tande vwa M, e ouvri pòt la, Mwen va antre kote li, Mwen va dine avè l, e li menm avè M.