Admiração
O temor do Senhor é o princípio da sabedoria. A admiração reverente por Deus é a postura que produz conhecimento, obediência e bênção na vida do crente.
Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la;
sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.
Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès
e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.
Lakrent SENYÈ a se enstriksyon ki bay sajès;
avan onè, fòk imilite.
Pi bon se piti ak lakrent SENYÈ a,
pase gwo richès ak gwo twoub ladann.
Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal,
ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pevès.
Rekonpans pou imilite avèk lakrent SENYÈ a
se richès, bon repitasyon, ak lavi.
Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;
krent SENYÈ a e vire kite mal.
Li va sèvi kon yon gerizon pou kò ou,
ak rafrechisman a zo ou.
Chàm konn twonpe e bèlte konn vanite;
men se fanm nan ki krent SENYÈ a
k ap resevwa lwanj.
Konklizyon lè tout bagay fin tande se: Gen lakrent Bondye e kenbe kòmandman li yo, akoz se sa ki aplike a tout moun.
Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès.
Tout sila ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann.
Lwanj Li dire jis pou tout tan!
Louwe SENYÈ a!
A la beni nonm ki krent SENYÈ a beni!
Sila ki pran gwo plezi nan kòmandman Li yo.
A la beni se tout sila ki gen lakrent SENYÈ yo,
ki mache nan chemen Li yo.
Veye byen, zye SENYÈ a sou sila ki krent Li yo,
sou sila ki mete espwa yo nan lanmou dous Li a,
Bondye ap toujou beni nou.
Dènye pwent latè a va gen lakrent Li.
Men pou nou menm ki gen lakrent non Mwen an, solèy ladwati a va vin leve ak gerizon nan zèl li. Konsa, nou va sòti deyò pou sote toupatou tankou ti bèf ki fenk sòti nan pak yo.
"Alò, Israël, kisa SENYÈ a, Bondye nou an, mande a nou menm, sof ke krent SENYÈ a, mache nan tout chemen Li yo, renmen Li, e sèvi Li avèk tout kè nou ak tout nanm nou, pou kenbe kòmandman SENYÈ a avèk lwa Li yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a pou pwòp avantaj pa nou.
"Nou va swiv SENYÈ a, Bondye nou an, e krent Li. Nou va kenbe kòmandman Li yo, e obeyi vwa Li. Nou va sèvi Li, e kenbe fèm nèt ak Li.
Akoz fanm saj yo te krent Bondye, Li te bay yo gran fanmi yo.
Konsa, paske nou gen pwomès sa yo byeneme, annou netwaye tèt nou de tout salte lachè ak lespri, e vin konplete lasentete nan lakrent Bondye.
Bay yo tout sa ke nou dwe yo; taks a sila nou dwe taks yo, enpo a sila nou dwe enpo yo, lakrent a sila ke nou dwe krent yo, onè a sila ke nou dwe onè yo.
"Paske pou nonm ki pèdi tout espwa a,
li ta dwe twouve konpasyon nan zanmi li;
menm a li menm ki kon pèdi lakrent Wo Pwisan an.