Publicidade

Salmos 67

Pou direktè koral la; avèk enstriman ak kòd yo. Yon Sòm; Yon Chan

1 Ke Bondye ka nou gras,

beni nou e vizaj Li vin klere sou nou

2 Ke chemen Ou kapab byen koni sou a,

ak sali Ou pami tout nasyon yo.

3 Kite pèp yo louwe Ou, O Bondye.

Kite tout pèp yo louwe Ou.

4 Kite nasyon yo kontan e chante ak jwa,

paske Ou va jije pèp yo avèk ladwati e gide nasyon yo sou a. Tan

5 Kite pèp yo louwe Ou, O Bondye.

Kite tout pèp yo louwe Ou.

6 Latè te bay pwodwi li.

Bondye, Bondye pa nou an, ap toujou beni nou.

7 Bondye ap toujou beni nou.

Dènye pwent latè a va gen lakrent Li.

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-29_22-07-56-