Publicidade

Ajuda ao próximo

Por Bíblia Online

Ajudar o próximo é mandamento de Deus e expressão prática da fé. A Bíblia ensina que a fé sem obras é morta — e que servir ao menor dos irmãos é servir a Cristo.

Paske Mwen te grangou, e nou te ban M bagay pou M manje. Mwen te swaf, e nou te ban M bwè. Mwen te yon etranje, e nou te envite M antre, Mwen te touni, e nou te ban M rad. Mwen te malad e nou te vizite M. Mwen te nan prizon e nou te vin kote M.

"Epi jis yo ap di Li: Senyè, kilè nou te Ou grangou e te bay Ou manje, ni swaf pou te bay Ou bwè? Epi kilè nou te Ou yon etranje, epi envite Ou antre, oubyen touni pou te bay Ou rad? Epi kilè nou te Ou malad, e te vizite Ou; oubyen nan prizon pou te vizite Ou?

"Konsa, wa a va reponn yo: Anverite, Mwen di nou menm jan ke nou te li a youn nan frè Mwen yo, nou te l a Mwen menm tou.

Bay a sila ki mande nou an, e pa vire do bay sila ki vle prete nan men nou an.

Kite limyè nou an klere devan tout moun pou yo kapab bon zèv nou, e bay glwa a Papa nou ki nan syèl la.

"Bay, e li va remèt a nou; bon mezi, byen peze, souke ansanm, menm debòde, yo va vide sou nou. Paske avèk mezi ou mezire a, li va mezire bay ou anretou."

Foul la ki t ap kesyone li, t ap di: "Alò, kisa pou nou ta ?"

Li te reponn yo, e te di: "Ke moun ki gen de tinik lan pataje avèk sila ki pa genyen an, e ke sila ki gen manje a menm jan an."

"Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi. Paske kote trezò nou ye, se la nou va ye tou.

Sa se kòmandman Mwen, pou nou renmen youn a lòt, menm jan ke Mwen renmen nou an.

Pa gen pi gran amou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.

Nan tout bagay, mwen te montre nou ke nan travay di konsa, nou dwe toujou ede fèb yo, e sonje pawòl a Senyè Jésus yo, ke Li menm te di: Li pi beni pou bay, pase resevwa."

l te fin di bagay sa yo, li te mete l a jenou, e te priye avèk yo tout.

Konsa, yo te kòmanse kriye . Yo te anbrase Paul, e t ap bo l anpil. Yo te ranpli ak gwo lapèn, sitou sou pawòl li te pale a, ke yo pa t ap fas li ankò. Konsa yo te akonpanye li rive nan bato a.

Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou pratike ospitalite.

Alò nou menm ki , nou dwe sipòte feblès sila ki san fòs yo, e se pa sèlman pwòp tèt nou plezi.

Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.

Sila ki vòlè a pa dwe vòlè ankò, men pito, fòk li travay, pou avèk pwòp men li sa ki bon, pou li kapab gen yon bagay pou pataje avèk sila ki gen bezwen yo.

Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.

Kisa sa sèvi, frè m yo, si yon moun di ke li gen lafwa, men li pa gen zèv? Èske lafwa sa a kapab sove li? Si yon frè oubyen yon san rad, e nan bezwen manje chak jou, epi youn nan nou di yo: "Ale anpè; chofe nou e plen vant nou," men malgre sa, nou pa bay yo sa ke yo bezwen pou yo, kisa sa sèvi? Menm jan an lafwa, si li pa gen zèv, li mouri pou kont li.

Men nenpòt ki gen byen a lemonn sa, pou l frè l nan bezwen, epi sere l kontre li, ki jan lamou Bondye kapab rete nan li?

Yon moun ki gras a yon malere prete a SENYÈ a,

e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.

"Paske malere yo p ap janm sispann la nan peyi a. Akoz sa, mwen kòmande nou, e di: Nou va louvri men nou byen laj a frè malere nou yo avèk pòv nan peyi nou yo.

Seja o primeiro
Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-29_22-07-56-