1 Epi Éliphaz, Temanit lan, te reponn:
2 "Èske yon 22:2 Job 35:7nonm plen kouraj kapab itil a Bondye?
Byen klè yon nonm saj se itil a pwòp tèt li.
3 Èske Toupwisan an pran plezi nan ladwati ou,
oswa twouve pwofi si chemen ou yo san fot?
4 Èske se akoz krentif la menm ou gen pou Bondye
ke L ap repwoche ou?
Ke l ap 22:4 Job 14:3antre nan jijman kont ou?
5 Se pa ke 22:5 Job 11:6mechanste ou gran
e inikite ou yo san limit?
6 Paske ou te 22:6 Job 24:3-9pran garanti a frè ou yo san koz
e te menm retire rad pa yo jis yo vin toutouni.
7 A moun fatige yo, ou 22:7 Job 31:16-17pa t bay dlo pou bwè
e a grangou yo, ou te 22:7 Job 31:31refize yo pen.
8 Men posede tè a se pou nonm ki pwisan an,
e se 22:8 És 3:3moun entèg ki viv ladann.
9 Ou te voye vèv yo ale men vid
e te kraze fòs a 22:9 Job 6:27òfelen yo.
10 Akoz sa, pèlen yo antoure ou,
e 22:10 Job 15:21laperèz, sibitman, vin bay ou gwo lakrent,
11 oswa se 22:11 Job 5:14fènwa pou ou pa kab wè
ak anpil dlo ki kouvri ou.
12 "Èske Bondye pa 22:12 Job 11:7-9nan wotè syèl la?
Menm anplis, gade zetwal byen lwen yo; kijan yo wo!
13 Ou di: 22:13 És 29:15‘Kisa Bondye konnen?
Èske Li kab jije nan fènwa pwofon an?
14 22:14 Job 26:9 Nwaj yo se yon plas pou L kab kache,
pou L pa kab wè.
Se anwo plafon syèl la l ap mache.’
15 Èske ou va kenbe 22:15 Job 34:36ansyen chemen a,
kote mesye mechan yo te mache,
16 ki te rachte avan lè yo,
ki te lese fondasyon ki lave a
retire nèt pa rivyè a?
17 Yo te 22:17 Job 21:14-15di a Bondye: ‘Kite nou!’,
Epi: ‘Kisa Toupwisan an kab fè pou nou?’
18 Sepandan, Li te 22:18 Job 12:6ranpli lakay yo ak bon bagay;
men 22:18 Job 21:16konsèy a mechan yo lwen m.
19 22:19 Sòm 52:6 Moun ladwati yo wè, yo fè kè kontan.
Inosan yo moke yo.
20 Yo di: ‘Anverite, advèsè nou yo koupe retire nèt.
E 22:20 Job 15:30dife a fin manje retay yo.’
21 22:21 Sòm 34:10 "Vin konnen L depi koulye a e fè lapè avè L;
se konsa, sa ki bon va rive kote ou.
22 Souple, resevwa 22:22 Job 8:10enstriksyon nan bouch Li
e etabli pawòl Li yo nan kè ou.
23 Si ou retounen bò kote Toupwisan an,
ou va restore,
si ou 22:23 Job 11:14retire inikite a byen lwen tant ou.
24 22:24 Job 31:24-25 Mete riches ou nan pousyè a,
lò Ophir a pami wòch kouran dlo yo.
25 Alò, se Toupwisan an ki va riches ou,
e pi bèl ajan pou ou.
26 Paske konsa ou va 22:26 Sòm 37:4rejwi nan Toupwisan an,
e leve figi ou vè Bondye.
27 Ou va priye a Li menm, e 22:27 Job 34:28Li va tande ou.
Ou va peye ve ou yo.
28 Anplis, ou va fè yon dekrè e li va etabli pou ou;
konsa limyè va briye sou wout ou.
29 Lè ou santi ou vin ba, alò ou va pale ak konfyans,
e moun ki 22:29 Jc 4:5enb lan, Li va sove li.
30 Li va delivre menm sila ki pa inosan yo,
e 22:30 Job 42:7-8delivrans sa a va fèt akoz men ou ki pwòp."